60
“Leve, briye; paske limyè ou fin parèt
e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.
Paske gade byen, tenèb va kouvri latè
e pwofon tenèb tout pèp yo.
Men SENYÈ a va vin leve sou ou,
e glwa li va parèt sou ou.
Nasyon yo va vin kote limyè ou a,
e wa yo nan klète lè ou leve a.
 
“Leve zye ou toupatou e gade;
yo tout rasanble ansanm;
yo vin kote ou.
Fis ou yo va vini soti lwen,
e fi ou yo va pote nan bra yo.
Epi ou va wè, ou va plen ak limyè;
kè ou va kontan e ou va rejwi.
Paske abondans lanmè a va vire vè ou;
gran richès a nasyon yo va rive kote ou.
Anpil chamo va kouvri ou,
jenn chamo a Madian ak Épha yo.
Tout sila soti Séba yo va vini.
Yo va pote lò ak lansan,
e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.
Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou.
Belye a Nebajoth yo va sèvi ou;
yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an,
e Mwen va glorifye kay Mwen an
ki plen lonè ak mayifisans.
 
“Se kilès sa yo ki vole tankou yon nwaj
ak tankou toutrèl vè fenèt pa yo?
Anverite, peyi kot yo va tann Mwen;
gwo bato Tarsis yo va vini premyèman
pou mennen fis ou yo soti lwen;
ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a
e pou Sila Ki Sen an Israël la,
akoz Li te bay ou glwa.
 
10  “Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo,
epi wa pa yo va fè sèvis pa yo.
Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou
e nan gras Mwen, Mwen te fè ou mizerikòd.
11  Pòtay ou yo va vin louvri nèt tout tan;
yo p ap fèmen ni lajounen, ni lannwit,
pou yo kapab pote bay ou richès a tout nasyon yo,
ak wa yo kon kaptif.
12 Paske nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri;
wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt.
 
13 “Glwa a Liban an va rive kote ou,
bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan
pou anbeli plas sanktyè Mwen an.
Mwen va fè plas pye Mwen yo vin plen glwa.
14  Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou
e tout sila ki te meprize ou yo
va bese yo menm devan pla pye ou.
Yo va rele ou vil SENYÈ a,
Sion a Sila Ki Sen an Israël la.
 
15 “Konsi, ou te abandone e rayi, pou pèsòn pa pase ladann,
Mwen va fè ou vin plen ak majeste,
yon objè lajwa de jenerasyon an jenerasyon.
16 Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo,
e ou va souse tete a wa yo.
Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a,
se Sovè ou e Redanmtè ou,
Sila Ki Pwisan a Jacob la.
17 Olye bwonz, Mwen va pote lò;
olye fè, Mwen va pote ajan;
olye bwa, Mwen va pote bwonz
e olye wòch, Mwen va pote fè.
Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou
e ladwati kon konseye ou.
18  Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou,
ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou;
men ou va rele miray ou yo: “Sali” e pòtay ou yo: “Lwanj”.
19 Ou p ap sèvi solèy la pou limyè lajounen ankò,
ni klate lalin a nan pou ba ou limyè;
men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl
e Bondye ou kon glwa ou.
20  Solèy ou p ap bese ankò,
ni lalin nan p ap febli;
paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl
e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.
21 Epi tout moun ou yo va dwat,
Yo va posede peyi a jis pou tout tan;
branch ke M te plante a, zèv a men M yo,
pou M kapab resevwa glwa.
22 Pi piti a va devni yon gran pèp
e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan.
Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l.”
60:1 És 24:23 60:2 És 58:10 60:3 És 2:3 60:4 És 11:12 60:5 Sòm 34:5 60:6 Jen 25:3 60:7 És 60:13 60:8 És 49:21 60:9 Sòm 48:7 60:10 És 14:1-2 60:11 És 26:2 60:12 És 14:2 60:13 I Kwo 28:2 60:14 És 14:1-2 60:15 És 4:2 60:16 És 19:20 60:18 És 54:14 60:19 Rev 21:23 60:20 És 30:26 60:21 Sòm 37:11-22