3
Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye. Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa. Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche. Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
Ti moun yo, pa kite pèsòn tronpe nou. Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis. Men sila ki pratike peche se a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis la a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv yo a dyab la.
Nanpwen pèsòn ki ne a Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Selon sa pitit yo a Bondye, ak pitit yo a dyab la se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa a Bondye, ni sila ki pa renmen frè li.
11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a ke nou dwe renmen yon a lòt. 12 Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan la, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.
13 Pa etonnen, frè yo, si lemonn rayi nou.
14 Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15 Nenpòt ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li.
16 Men konsa nou rekonèt lamou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt ki gen byen yo a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li? 18 Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
19 Nou va rekonèt konsa ke nou se nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21 Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.
23 Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non lan a Fis Li, Jésus Kri, epi renmen yon ak lòt, kon Li te kòmande nou.
24 Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
3:1 Jn 3:16 3:1 Jn 1:12 3:2 Wo 8:29 3:2 Jn 17:24 3:3 Wo 15:12 3:4 Wo 4:15 3:5 Jn 1:29 3:5 II Kor 5:21 3:6 I Jn 3:9 3:7 I Jn 2:26 3:7 I Jn 2:29 3:8 Jn 8:44 3:9 Jn 1:13 3:10 Jn 1:12 3:10 I Jn 2:9 3:11 Jn 15:12 3:12 Jen 4:8 3:12 I Jn 2:13 3:13 Jn 15:18 3:14 Jn 5:24 3:15 Mat 5:21 3:16 Jn 10:11 3:17 Jc 2:15 3:17 Det 15:7 3:18 II Jn 1 3:19 I Jn 2:21 3:21 I Jn 2:28 3:22 I Jn 2:3 3:22 Jn 8:29 3:23 Jn 6:29 3:23 Jn 1:12 3:24 I Jn 2:3 3:24 I Jn 2:5