4
Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.
Selon sa nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou kilès nou te tande ke l ap vini, epi koulye a se deja nan lemonn lan.
Ti moun yo, nou se a Bondye, epi te vankre fò lespri sa yo, paske pi gran se Li ki nan nou, pase li ki nan lemonn an. Yo sòti nan lemonn an. Akoz sa yo pale tankou lemonn an, epi lemonn an koute yo.
Nou se a Bondye: li ki konnen Bondye va koute nou. Li ki pa a Bondye p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri la a sa ki fo.
Byeneme yo, kite nou renmen yon a lòt, paske lamou se ne a Bondye, epi konnen Bondye. Sila ki pa gen lamou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lamou.
Se konsa lamou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li nan lemonn an pou nou ta kapab viv nan Li.
10 Nan sa se lamou; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).
11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen yon a lòt.
12  Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lamou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lamou Li vin konplete nan nou.
13  Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.
14 Konsa, nou gen tan wè epi fè temwen ke Papa a te voye Fis la kòm Sovè lemonn an. 15 Nenpòt ki konfese ke Jésus se Fis Bondye a, Bondye rete nan li, epi li nan Bondye. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou.
Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lamou vin pèfekte avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman a; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 Pa gen lakrent nan lamou; men lamou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent gen pinisyon, men sila ki gen perèz pa pèfekte nan lamou.
19  Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21  Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye, dwe renmen frè li tou.
4:1 Jr 29:8 4:2 I Kor 12:3 4:2 I Jn 2:23 4:3 I Jn 2:22 4:3 II Tes 2:3-7 4:4 I Jn 2:13 4:4 Jn 12:31 4:5 Jn 15:19 4:7 I Jn 3:11 4:8 Jn 4:7,16 4:9 Jn 3:16 4:10 Wo 5:8,10 4:11 I Jn 4:7 4:12 Jn 1:18 4:13 Wo 8:9 4:14 Jn 3:17 4:16 Jn 6:69 4:16 I Jn 4:7,8 4:17 I Jn 2:28 4:17 Mat 10:15 4:18 Wo 8:15 4:19 I Jn 4:10 4:20 I Jn 2:9,11 4:21 Lev 19:18