5
Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.
Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit yo a Bondye, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. Paske se sa ki lamou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
Paske nenpòt ki ne a Bondye ap vankre lemonn an. Men viktwa la ki vankre lemonn an—-lafwa nou. Kilès sila ki vankre lemonn an, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis la a Bondye?
Se Sila ki vini pa dlo ak san, Jésus Kri; pa sèlman avèk dlo, men avèk dlo ak san. Se Lespri la ki pote temwen, akoz se Lespri a ki verite. Paske gen twa ki bay temwen; Lespri la, dlo la, ak san an; epi tout nan twa sa yo se an akò kon youn sèl.
Si nou resevwa temwen lan a lòm, temwen Bondye a se pi gran. Paske temwen Bondye a se sa; ke Li te pote temwen konsènan Fis Li. 10 Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwen nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye te fè L yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwen lan ke Bondye pote konsènan Fis Li.
11 Temwen la se sa: ke Bondye te bay nou lavi etènèl a, epi lavi sila se nan Fis Li. 12  Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis la a Bondye pa gen lavi.
13  Bagay sa yo mwen ekri a nou ki kwè nan non lan a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a.
14 Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou. 15 Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li.
16 Si nenpòt wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila. 17  Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.
18 Nou konnen ke okenn ki ne a Bondye fè peche; men Li ki te ne a Bondye kenbe li menm, epi mechan lan p ap touche li.
19 Nou konnen ke nou menm se a Bondye, epi tout lemonn an rete nan pwisans lan a mechan an.
20 Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl a.
21 Ti moun yo, veye nou kontra zidòl yo.
5:2 I Jn 3:14 5:3 Jn 14:15 5:4 I Jn 2:13 5:5 I Jn 4:15 5:7 Mat 18:16 5:9 Jn 5:34,37 5:10 Wo 8:16 5:11 I Jn 1:2 5:11 Jn 1:4 5:12 Jn 3:15,36 5:13 Jn 20:31 5:13 I Jn 3:23 5:14 I Jn 2:28 5:16 Jc 5:15 5:16 Jr 7:16 5:17 I Jn 3:4 5:18 I Jn 3:9 5:18 I Jn 2:13 5:19 I Jn 4:6 5:20 Luc 24:45 5:21 I Kor 10:7,14