LEVANJIL SELON JEAN
1
Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. Li te nan kòmansman avèk Bondye. Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm. Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.
Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. Se pa li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.
Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13  ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
14 E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ ” 16 Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras. 17 Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.
19 E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
20 Li te konfese, li pa t nye, men li te konfese:
“Mwen menm se pa Kris la.”
21 Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie?
Li te di: “Non mwen pa Li.”
“Èske ou menm se Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”
22 Konsa yo di l: “Kilès ou ye, pou nou kapab bay yon repons a sa ki te voye nou yo? Kisa ou di selon ou menm?”
23 Li te di: “Mwen menm se yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”
24 Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo. 25 E yo te mande l, e te di l: “Ebyen poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”
26 Jean te reponn yo konsa: “Mwen batize nou avèk dlo, men pami nou, kanpe youn ke nou pa konnen. 27 Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”
28 Bagay sa yo te fèt nan Béthanie, lòtbò Jourdain an, kote Jean t ap batize a.
29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan. 30 Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ 31 Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”
32 Jean te fè temwayaj epi te di: “Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li. 33 Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’ 34 Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se Fis Bondye a.”
35 Ankò jou aprè Jean te kanpe avèk de nan disip li yo, 36 epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a!”
37 De disip yo te tande l pale, epi yo te swiv Jésus.
38 Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: “Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”
39 Li te di yo: “Vini, nou va wè.” Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè.
40  Youn nan de sa yo ki te tande Jean pale epi te swiv Li yo se te Andre, frè a Simon Pierre. 41 Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”
42 Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.
43 Jou apre Li te vle antre nan Galilée, e Li te twouve Philippe. Jésus te di li: “Swiv mwen.”
44 Philippe te sòti nan Bethsaïda, vil André avèk Pierre a. 45 Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”
46 Nathanaël te di l “Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”
47 Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”
48 Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.”
49 Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Wa Israël la.”
50 Jésus te reponn Li e te di: “Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo.” 51 E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”
1:1 Jn 17:5 1:3 Jn 1:10 1:4 Jn 5:26 1:4 Jn 8:12 1:5 Jn 3:19 1:6 Mat 3:1 1:7 Jn 1:12 1:8 Jn 1:20 1:9 I Jn 2:8 1:10 I Kor 8:6 1:12 Jn 11:52 1:13 Jn 3:5 1:14 Fil 2:7 1:14 Luc 9:32 1:15 Mat 3:11 1:16 Ef 1:23 1:17 Jn 7:19 1:18 Jn 3:16,18 1:18 Luc 16:22 1:19 Jn 1:7 1:20 Luc 3:15 1:21 Det 18:15-18 1:23 És 40:3 1:25 Det 18:15-18 1:26 Mat 3:11 1:27 Mat 3:11 1:28 Jn 3:26 1:29 És 53:7 1:30 Mat 3:11 1:32 Mat 3:16 1:33 Mat 3:11 1:34 Mat 4:3 1:35 Jn 1:29 1:36 Jn 1:29 1:38 Mat 23:7 1:40 Mat 4:18-25 1:42 Mat 16:17 1:43 Mat 4:12 1:44 Mat 11:21 1:45 Luc 24:27 1:46 Jn 7:41-52 1:47 Wo 9:12 1:48 Mat 10:3 1:49 Mat 2:2 1:51 Éz 1:1