2
Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la. Jésus ansanm ak disip li yo te envite nan maryaj la.
Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”
Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Lè M poko rive.”
Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”
La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.
Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.
Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.
Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
11 Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
12 Aprè sa Li te desann bò kote Capernaüm, Li ansanm avèk manman Li, avèk Frè Li yo, ak disip Li yo. Epi yo te rete la pou kèk jou.
13  Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.
14  Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo. 15 Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo. 16 A sa yo ki t ap vann toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”
17  Disip Li yo te sonje ke li te ekri “Zèl pou lakay Ou va devore M.” 18 Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: “Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”
19 Jésus te reponn yo: “Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”
20 Jwif yo te reponn: “Li te pran karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”
21 Men Li t ap pale sou tanp kò Li a. 22 Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.
23 Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.
24 Men Jésus, pou pati pa L, pa t fè yo konfyans paske Li te konnen tout moun. 25 Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.
2:1 Jn 2:11 2:2 Jn 1:40-49 2:4 Jn 7:6-8 2:5 Mat 12:46 2:6 Mc 7:3 2:9 Jn 4:46 2:10 Mat 24:49 2:11 Jn 1:14 2:12 Mat 4:13 2:12 Mat 12:46 2:13 Det 16:1-6 2:14 Mal 3:1 2:16 Mat 21:12 2:17 Jn 2:2 2:17 Sòm 69:9 2:18 Mat 12:38 2:19 Mat 24:49 2:20 Esd 5:16 2:21 I Kor 6:19 2:22 Sòm 16:10 2:23 Jn 2:13 2:24 Trav 1:24 2:25 Mat 9:4