10
Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon vòlè ak yon brigan. Men moun ki antre pa pòt la se bèje mouton yo.
Pou li menm, gadyen pòt la va ouvri, epi mouton yo tande vwa l. Li rele pwòp mouton li yo pa non yo, e mennen yo deyò. Nenpòt lè L fè soti tout sa ki pou li yo, li ale devan yo, e mouton yo swiv li, paske yo rekonèt vwa li. Men yon etranje, yo p ap janm swiv li, men ap sove ale kite li, paske yo pa rekonèt vwa etranje yo.
Kalite pawòl sa a, Jésus te sèvi pou pale avèk yo, men yo pa t konprann bagay sa yo ke Li t ap di yo.
Pou sa, Jésus te di yo ankò, “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mwen menm se pòt la pou mouton yo. Tout sa yo ki te vini avan M se vòlè ak brigan, men mouton yo pa t tande yo.
“Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.
10  “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.
“Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
11  “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.
12  “Sila a ki se yon ouvriye jounalye epi pa yon bèje, ki pa mèt mouton yo, wè lou ap vini epi li kouri kite mouton yo. Lou a vin pran yo, epi gaye yo. 13  Li sove ale, paske se yon ouvriye jounalye, e afè mouton pa konsène l.
14  “Mwen se bon bèje a. Mwen rekonèt sa yo ki pou Mwen, e pa Mwen yo rekonèt Mwen. 15  Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.
16  “Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.
17  “Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò. 18  Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”
19 Konsa te leve yon divizyon pami Jwif yo akoz pawòl sa yo.
20 Anpil t ap di: “Li gen yon dyab epi Li fou. Poukisa nou ap koute Li?”
21 Lòt t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl a yon move lespri. Yon dyab p ap kab ouvri zye a yon moun ki avèg. Nou ta kwè sa?”
22 Nan lè sa, Fèt Dedikasyon an t ap pase nan Jérusalem. 23 Se te nan tan livè, epi Jésus t ap mache nan tanp lan sou galeri Salomon an.
24 Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”
25 Jésus te di yo: “Mwen te di nou, e nou pa kwè M. Zèv ke M fè nan non Papa M yo, sa yo fè temwayaj de Mwen.” 26  Men nou pa kwè, paske nou pa mouton Mwen yo.
27  “Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen. 28  E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.
29  “Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a. 30  Mwen avèk Papa a se youn.”
31 Jwif yo te leve pran wòch ankò pou lapide L.
32 Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”
33 Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, pran poz ke se Bondye ou ye.”
34 Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’?
35  “Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje), 36  èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?
37  “Si Mwen pa fè zèv a Papa M, pa kwè M. 38  Men si M fè yo, malgre ou pa kwè M, kwè zèv yo pou ou kapab konnen epi konprann ke Papa a nan Mwen, e Mwen nan Papa a.”
39 Pou sa, yo t ap chache ankò pou kenbe L, men Li te evite men yo.
40 Li te ale ankò lòtbò Jourdain an nan plas kote Jean te premye konn batize a. Li te demere la.
41 Anpil te vin kote L e t ap di: “Malgre Jean pa t fè yon sign, tout bagay li te di selon mesye sa a se te vrè.” 42 Anpil moun te kwè nan Li la.
10:1 Jn 10:8 10:2 Jn 10:11 10:3 Jn 10:4-16,27 10:4 Jn 10:5-16,27 10:5 Jn 10:4-16 10:6 Jn 16:25-29 10:7 Jn 10:1-9 10:8 Jr 23:1 10:9 Jn 10:1-9 10:10 Jn 5:40 10:11 És 40:11 10:12 Jn 10:2 10:14 Jn 10:27 10:15 Mat 11:27 10:16 És 56:8 10:17 Jn 10:11-18 10:18 Mat 26:53 10:19 Jn 7:43 10:20 Jn 7:20 10:20 Mc 3:21 10:21 Egz 4:11 10:23 Trav 3:11 10:27 Jn 10:4-16 10:28 Jn 17:2 10:30 Jn 17:2 10:31 Jn 8:59 10:33 Lev 24:16 10:33 Jn 5:18 10:34 Sòm 82:6 10:36 Jn 3:17 10:37 Jn 10:25 10:38 Jn 14:10-20 10:39 Jn 7:20 10:40 Jn 1:28 10:41 Jn 1:27-30