11
Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li Marthe te rete a.
Se te sè Lazare, Marie ki te onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad. Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”
Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.” Konsa, Jésus te renmen Marthe ak sè li, ak Lazare. Pou sa, lè L tande ke Li te malad, Li te rete de jou anplis nan plas kote Li te ye a. Apre sa, Li te di a disip Li yo: “Annou ale nan Judée ankò.”
Disip Li yo te di Li: “Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?”
Jésus te reponn yo: “Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen a li p ap chape tonbe, paske li wè limyè a mond sila a. 10  Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”
11 Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”
12 Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.” 13 Alò Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vrè dòmi.
14 Pou sa, Jésus te di yo byen klè: “Lazare gen tan mouri, 15  e pou koz pa nou, Mwen kontan ke M pa t la pou nou kapab kwè. Annou ale kote l.”
16 Pou sa, Thomas, ke yo rele osi Didyme, te di disip parèy li yo: “Annou ale avèk Li pou nou kapab mouri avè L.”
17 Konsa, lè Jésus te vini, Li te twouve ke Li te deja nan tonm nan depi kat jou. 18  Béthanie te prè Jérusalem. Anviwon twa kilomèt distans.
19 Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie pou konsole yo konsènan frè yo.
20 Pou sa, lè Marthe te tande ke Jésus t ap vini, li te ale rankontre Li. Men Marie te toujou chita nan kay la.
21 Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri. 22 Menm koulye a, mwen konnen ke nenpòt bagay ke Ou mande Bondye, Bondye ap bay Ou li.”
23 Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”
24 Marthe te reponn Li: “Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”
25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26  E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
27 Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”
28 Lè li te di sa, li te ale, e te rele Marie, sè li, e te di l apa: “Mèt la rive, e L ap mande pou ou.” 29 E lè li tande sa, li te leve vit, epi t ap vin kote Li. 30 Jésus poko te rive nan bouk la, men te toujou nan plas kote Marthe te rankontre Li a. 31  Jwif yo ki t ap konsole li nan kay la te wè l leve vit e sòti. Epi yo sipoze ke li t ap ale nan tonm nan pou kriye.
32 Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”
33 Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. 34 Li te di: “Kibò nou mete Li?”
Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”
35 Jésus te kriye.
36 E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li te renmen l.” 37 Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”
38 Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon kav e yon wòch te apiye sou Li.
39 Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”
40 Jésus te di li: “Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”
41 Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus te leve zye Li e te di: “Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M. 42  Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”
43 Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.” 44 E sila ki te mouri an te sòti byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e yon twal ki te vlope figi li.
Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”
45 Pou sa, anpil nan sa ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.
46 Men kèk nan yo te ale nan Farizyen yo e te di yo sa ke Jésus te fè a.
47 Konsa, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.” 48 “Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni plas nou, ni nasyon nou.”
49 Men youn nan yo, Caïphe, ki te granprèt pou lane sila a, te di yo: “Nou pa konnen anyen, 50 ni nou pa kontwole ke li ta meyè pou nou si yon moun ta mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri.” 51 Alò li pa t di sa pou kont li, men akoz ke li te wo prèt nan lane sa a, li t ap fè pwofesi ke Jésus t ap mouri pou nasyon an. 52 E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo. 53 Depi jou sa, yo t ap fè plan pou touye L.
54 Pou sa, Jésus pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.
55 Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye. 56 Konsa, yo t ap di youn ak lòt pandan yo kanpe nan tanp lan: “Kisa nou panse. Èske Li p ap menm vini nan fèt la?” 57 Alò, chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.
11:1 Luc 10:38 11:2 Luc 7:38 11:3 Jn 11:5-36 11:4 Jn 9:3 11:5 Jn 11:1 11:7 Jn 10:40 11:8 Jn 8:59 11:9 Luc 13:33 11:11 Mat 27:52 11:13 Mat 9:24 11:16 Jn 20:24 11:18 Jn 11:1 11:19 Job 2:11 11:20 Luc 10:38-42 11:21 Jn 11:32-37 11:22 Jn 9:31 11:24 Dan 12:2 11:25 Jn 1:4 11:26 Jn 6:47-50,51 11:27 Mat 16:16 11:28 Mat 26:18 11:30 Jn 11:20 11:31 Jn 11:19-33 11:32 Jn 11:21 11:33 Jn 11:38 11:35 Luc 19:41 11:36 Jn 11:3-5 11:37 Jn 9:7 11:38 Mat 27:60 11:40 Jn 11:4 11:41 Jn 17:1 11:41 Mat 11:25 11:42 Jn 12:30 11:44 Jn 19:40 11:44 Jn 20:7 11:45 Jn 11:19 11:46 Jn 7:32-45 11:47 Jn 7:32-45 11:47 Mat 26:3 11:48 Mat 24:15 11:49 Jn 11:51 11:50 Jn 18:14 11:51 Jn 18:13 11:52 Jn 10:16 11:53 Mat 26:4 11:54 Jn 7:1 11:55 Nonb 9:10 11:56 Jn 7:11 11:57 Jn 11:47