15
“Mwen se vrè pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an. Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.
“Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an. Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.
“Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile. Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.
“Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan amou Mwen. 10  Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan amou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan amou pa Li a.
11  “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete. 12  Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13  Pa gen pi gran amou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.
14  “Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou. 15  Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
16  “Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.
17  “Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.
18  “Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou. 19  Si nou te apatyen a lemonn, lemonn ta renmen pa li, men akoz ke nou pa apatyen a lemonn, e ke Mwen te chwazi rachte nou nan mond sa a, akoz sa yo rayi nou.
20  “Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi. 21  Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan.
22  “Si Mwen pa t vini pou pale avèk yo, yo pa t ap gen peche, men koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.
23  “Moun ki rayi M, rayi Papa M tou. 24  Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.
25  “Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’
26  “Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen. 27  E nou va fè temwayaj tou, paske nou te avèk Mwen depi nan kòmansman.”
15:1 Sòm 80:8 15:3 Jn 13:10 15:4 Jn 6:56 15:5 Jn 15:16 15:6 Jn 15:2 15:7 Mat 7:7 15:8 Mat 5:16 15:8 Jn 8:31 15:9 Jn 8:31 15:10 Jn 8:29 15:11 Jn 3:29 15:12 Jn 13:34 15:13 Jn 10:11 15:14 Mat 12:50 15:15 Jn 8:26 15:16 Jn 6:70 15:17 Jn 15:12 15:18 Jn 7:7 15:19 Mat 10:22 15:20 I Kor 4:12 15:21 Jn 8:19-55 15:22 Jn 9:41 15:24 Jn 9:41 15:25 Sòm 35:19 15:26 Jn 14:16 15:27 Luc 24:48