16
“Mwen pale nou bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
“Yo va mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou. Bagay sa yo, yo va fè paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen. Men bagay sa yo Mwen te pale nou an pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
“Men koulye a, M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’? Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, gwo doulè antre nan kè nou.
“Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou. E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen, 10  Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11  Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
12  “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. 13  Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14  Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
15  “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
16  “Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
17 Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke M ap prale nan Papa a’?” 18 Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”
19  Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
20  “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa. 21  Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22  “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
23  “E nan jou sa a nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
24  “Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
25  “Bagay sa yo Mwen pale nou an parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
26  “Nan jou sa a nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou. 27  Paske Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen te sòti nan Papa a. 28  Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap prale kote Papa a.”
29 Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap sèvi ak parabòl. 30 Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou kwè ke Ou soti nan Bondye.”
31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? 32  Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
33  “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
16:1 Jn 15:18-27 16:2 Jn 9:22 16:3 Jn 8:19-55 16:4 Jn 13:19 16:5 Jn 7:33 16:6 Jn 14:1 16:7 Jn 14:16 16:7 Jn 14:26 16:9 Jn 15:22-24 16:10 Trav 3:14 16:11 Jn 12:31 16:13 Jn 14:7 16:13 Jn 14:26 16:14 Jn 7:39 16:15 Jn 17:10 16:16 Jn 14:18-24 16:17 Jn 16:5 16:19 Mc 9:32 16:20 Luc 23:27 16:20 Jn 20:20 16:21 És 13:8 16:22 Jn 16:6 16:22 Jn 16:16 16:23 Jn 16:19-30 16:23 Jn 15:16 16:24 Jn 14:14 16:25 Mat 13:34 16:26 Jn 16:19-30 16:27 Jn 14:21-23 16:27 Jn 8:42 16:28 Jn 13:1-3 16:29 Mat 13:34 16:30 Jn 2:11 16:32 Za 13:7 16:32 Jn 8:29 16:33 Jn 14:27 16:33 Wo 8:37