17
Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kapab bay a Ou menm. Menm jan ke Ou te bay Li otorite sou tout chè, a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.
“E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vrè Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a. Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.
“E koulye a, ban M glwa ansanm avèk Ou Menm, Papa, avèk glwa ke M te gen avè W avan lemonn te egziste a.
“Mwen fè non Ou rekonèt a moun ke Ou te ban Mwen nan lemonn yo. Yo te pou Ou, e Ou te ban Mwen yo. Konsa, yo kenbe pawòl Ou.
“Koulye a, yo gen tan konnen ke tout bagay ke Ou ban Mwen soti nan Ou menm. Paske pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen.
“Mwen mande anfavè yo. Mwen pa mande pou lemonn, men pou sa ke Ou te ban Mwen yo. Paske se pou Ou yo ye.
10  “Tout bagay ki pou Mwen, se pou Ou, e sa ki pou Ou, se pou Mwen. Mwen resevwa glwa nan yo.
11  “Mwen pa nan lemonn ankò. Malgre, yo menm, yo toujou nan lemonn, e Mwen vini a Ou, Papa ki Sen, kenbe yo nan non Ou, non ke Ou ban Mwen an, pou yo kapab vin yon sèl, menm jan ke nou menm, nou se yon sèl. 12  Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof fis pèdisyon an, pou Lekriti ta kapab akonpli.
13  “Men koulye a, Mwen ap vini kote Ou. Konsa, bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.
14  “Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn. 15  Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an. 16  Yo pa nan lemonn menm jan ke Mwen pa nan lemonn. 17  Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.
18  “Kon Ou te voye M nan lemonn nan, Mwen osi voye yo nan lemonn. 19  E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.
20  “Mwen pa mande pou sila yo sèlman, men pou sa yo osi ki kwè nan Mwen pa pawòl pa yo. 21  Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M. 22  Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl. 23  Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.
24  “Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.
25  “O Papa ladwati a, malgre lemonn pa konnen Ou, Mwen konnen Ou. E sa yo konnen ke Ou te voye Mwen. 26  E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lamou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”
17:1 Jn 11:41 17:1 Jn 13:31 17:2 Jn 3:35 17:2 Jn 10:28 17:3 Jn 5:44 17:4 Jn 13:31 17:4 Jn 4:34 17:5 Jn 1:1 17:6 Jn 6:37-39 17:8 Jn 12:49 17:8 Jn 8:42 17:9 Luc 22:32 17:9 Jn 17:20 17:10 Jn 16:15 17:11 Fil 2:9 17:11 Jn 17:2 17:12 Jn 6:70 17:12 Jn 13:18 17:13 Jn 7:33 17:13 Jn 15:11 17:14 Jn 15:19 17:15 Mat 5:37 17:16 Jn 17:14 17:17 Jn 15:3 17:18 Mat 10:5 17:19 Jn 15:3 17:21 Jn 10:38 17:22 Jn 1:14 17:23 Jn 10:38 17:23 Jn 16:27 17:24 Mat 25:34 17:25 Jn 17:11 17:26 Jn 17:6 17:26 Jn 15:9