10
Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.
Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.
Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”
Yo te di: “Moïse te bay dwa pou yon mesye ekri yon sètifika pou l divòse ak li, epi voye l ale.”
Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a. Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”
10 Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò. 11 E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li. 12  E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”
13  Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.
14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo. 15  Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”
16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.
17  Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”
18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl. 19  Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”
20 Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”
21 Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”
22 Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.
23 Jésus te gade toupatou e te di a disip li yo: “Ala sa ap difisil pou sila ki gen anpil richès antre nan wayòm Bondye a!”
24 Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a! 25  L ap pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
26 Yo te menm pi etone. Yo te di l: “Ebyen, kilès ki kab sove?”
27 Tou ap gade yo Jésus te di: “Avèk moun, sa pa posib, men li pa konsa avèk Bondye. Paske tout bagay posib avèk Bondye.”
28  Pierre te kòmanse di L: “Gade, nou gen tan kite tout bagay e te swiv Ou.”
29 Jésus te di: “Anverite Mwen di nou, ‘Nanpwen pèsòn ki kite kay li, oswa frè li, oswa sè li ak pitit li, ni manman ni papa, oswa jaden li pou koz Mwen ak pou koz levanjil la, 30  men ke l ap resevwa san fwa plis koulye a, nan tan sila a, kay, frè, sè ansanm avèk pèsekisyon yo; e nan laj k ap vini an, lavi etènèl. 31  Men anpil moun ki premye ap vin dènye; e dènye yo va vin premye.
32  Yo te sou wout la pou ale Jérusalem e Jésus t ap mache pi devan yo. Yo te etone, e sila ki te swiv yo te pè anpil.
Ankò Li te rele douz yo akote e te kòmanse di yo kisa ki ta vin rive Li.
33  “Byen gade, nou ap monte Jérusalem. Fis a Lòm nan va livre a chèf prèt yo avèk skrib yo. Yo va kondane Li a lanmò, e yo va livre li a payen yo. 34  Epi y ap moke L, krache sou Li, bay Li gwo kout fwèt, e touye L. Twa jou pita, L ap resisite.”
35  Jacques, Jean, avèk de fis Zébédée yo te vin kote L. Yo te di L: “Mèt, nou vle ke Ou fè pou nou nenpòt sa ke nou mande Ou”.
36 Li te di yo: “Kisa nou vle M fè pou nou”?
37 Yo te di L: “Bannou dwa pou nou kapab chita nan glwa Ou, youn sou bò dwat Ou, e youn sou bò gòch Ou nan glwa Ou.”
38 Men Jésus te di yo: “Nou pa konnen sa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke M ap bwè a, oubyen batize avèk batèm ke Mwen ap batize a?”
39 Yo te di L: “Nou kapab”. Jésus te reponn yo: “Tas ke M ap bwè a, nou ap bwè. Epi nou ap batize avèk menm batèm ke M ap batize a. 40  Men pou chita bò dwat Mwen, oubyen bò gòch Mwen an, sila a se pa pa M nan pou M ta bay, men se pou sila ke li te prepare yo.”
41  Lè yo tande sa, dis lòt yo te kòmanse santi ke yo te mekontan avèk Jacques ak Jean.
42 Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo. 43  Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou. 44  Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout. 45  Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”
46  Konsa yo te rive Jéricho. E pandan Li t ap kite Jéricho avèk disip Li yo, ansanm ak yon gwo foul la, yon avèg ki t ap mande, ki te rele Bartimée, fis a Timée, te chita akote wout la. 47 Lè l tande ke se te Jésus, Nazareyen an, li te kòmanse kriye fò e te di: “Jésus, Fis a David la, gen pitye pou mwen!”
48 Konsa, anpil moun t ap pale ak li sevèman pou li ta pe la, men li te kriye pi fò: “Fis a David la: gen pitye pou mwen!”
49 Konsa, Jésus te rete la, e te di: “Rele Li.”
Yo te rele avèg la. Yo te di l: “Pran kouraj! Leve kanpe! L ap rele ou!” 50 Li te jete akote gwo vètman li, te vòltije kanpe byen vit, e te rive kote Jésus.
51 Jésus te reponn li, e te di l: “Kisa ou vle M fè pou ou?”
Mesye avèg la te di L: “Rabouni (ki vle di Mèt), mwen vle wè ankò!”
52 Jésus te di l: “Ale! Lafwa ou fè ou geri.”
Lapoula, li te wè ankò, e li t ap swiv Li sou wout la.
10:1 Mat 19:1-9 10:4 Det 24:1-3 10:5 Mat 19:8 10:6 Mc 13:19; Jen 1:27 10:8 Jen 2:24 10:11 Mat 5:32 10:12 I Kor 7:11 10:13 Mat 19:13-15 10:14 Mat 5:3 10:15 Mat 18:3 10:16 Mc 9:36 10:17 Mat 19:16-30 10:17 Mat 25:34 10:19 Egz 20:12-16 10:20 Mat 19:20 10:21 Mat 6:20 10:23 Mat 19:23 10:24 Mc 1:27 10:25 Mat 19:24 10:27 Mat 19:26 10:28 Mat 4:20-22 10:29 Mat 6:33 10:30 Mat 12:32 10:31 Mat 19:3 10:32 Mat 20:17-19 10:33 Mc 8:31 10:34 Mat 16:21 10:35 Mat 20:20-28 10:37 Mat 19:28 10:38 Mat 20:22 10:39 Trav 12:2 10:40 Mat 13:11 10:41 Mc 10:42-45 10:43 Mat 20:26 10:45 Mat 20:28 10:46 Mat 20:29-34 10:47 Mat 9:27 10:48 Mat 9:27 10:49 Mat 9:2 10:51 Mat 23:7