11
Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te bay komisyon a de nan disip Li yo. Li te di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Pandan n ap antre, nou ap twouve yon ti bourik mare, ki poko menm monte. Demare li e mennen l isit la. Si yon moun di nou: ‘Poukisa n ap fè sa?’, di l: ‘Senyè a gen bezwen li’. Konsa, l ap voye l vini isit la.”
Yo te ale, e te twouve yon ti bourik mare toupre pòt la, deyò nan lari a, e yo te demare li.
Konsa, kèk nan sila ki te la yo t ap di yo: “Kisa nou ap fè la a? N ap demare ti bourik la?”
Yo te pale yo jan Jésus te di a, e yo te bay yo dwa pran l.
Yo te pote ti bourik la bay Jésus. Yo te mete vètman yo sou li, e Li te chita sou li.
Konsa, anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap poze branch fèy yo te koupe nan chan sou wout la. Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye fò: “Ozana! Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a! 10 Beni se wayòm zansèt nou David, k ap vini an! Ozana nan pi wo a!”
11  Jésus te antre Jérusalem e te antre nan tanp lan. Lè Li te fin gade sou tout bagay, Li te kite la pou Béthanie avèk douz yo akoz ke lè a te deja fè tà.
12 Nan demen, lè yo te kite Béthanie, Li te vin grangou. 13 Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi. 14 E Li te pale a li: “Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!”
E disip Li yo te tande l.
15  Konsa yo te rive Jérusalem. Li te antre nan tanp lan e te kòmanse voye deyò sila ki t ap achte ak vann nan tanp lan. Li te chavire tab a sila ki t ap chanje lajan yo ak chèz a sila ki t ap vann toutrèl yo. 16 Li pa t ap kite pèsòn pase nan tanp lan ki pote yon chaj. 17 Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo: “Èske li pa ekri: ‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”
18 Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li. Paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.
19  Lè aswè te rive, Li te kite vil la.
20  Pandan yo t ap pase lantre granmmaten an, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.
21 Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: “Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.
22 Jésus te reponn e te di yo: “Mete lafwa nan Bondye. 23  Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive. 24  Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.
25  “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo. 26  Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”
27 Konsa, yo te rive ankò Jérusalem. E pandan Li t ap mache nan tanp lan, chèf prèt yo avèk skrib yo ak ansyen yo te vin kote L.
28 Yo te di L: “Pa ki otorite W ap fè bagay sa yo; oubyen kilès ki te bay Ou otorite sa a pou fè bagay sa yo?”
29 Jésus te di yo: “M ap poze nou yon kesyon, e nou va reponn Mwen; epi konsa, Mwen menm, M ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo. 30  Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oubyen nan lòm? Reponn Mwen.”
31 Yo te rezone pami yo menm pou di: “Si nou di ‘nan syèl la’, l ap di poukisa nou pa t kwè li? 32 Men si nou di de lòm?” Konsa, yo te pè foul la, paske tout moun te konsidere ke Jean te vrèman yon pwofèt.
33 Yo te reponn Jésus e te di: “Nou pa konnen”.
Konsa, Jésus te di yo: “Nonplis, Mwen p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo”.
11:1 Mat 21:1-9 11:7 Mat 21:4-9 11:9 Sòm 118:26 11:10 Mat 21:9 11:11 Mat 21:12 11:11 Mat 21:17 11:12 Mat 21:18-22 11:15 Jn 2:13-16 11:17 És 56:7; Jr 7:11 11:18 Mat 21:46 11:19 Mat 21:17 11:20 Mat 21:19-22 11:21 Mat 23:7 11:22 Mat 17:20 11:23 Mat 17:20 11:24 Mat 7:7 11:25 Mat 6:14 11:26 Mat 6:15 11:27 Mat 21:23-27