14
Alò, Pak Jwif la avèk Pen San Ledven an, t ap fète nan de jou. Konsa, chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan pou yo ta sezi L pa riz pou touye Li. Paske yo t ap di: “Pa pandan fèt la, otreman sa kab fè pèp la fè twoub.”
Pandan Li te Béthanie lakay Simon, lepre a, e yo te chita sou tab la, yon fanm te vini avèk yon bokal alabat ranpli avèk nard, ki te koute byen chè. Fanm nan te kraze bokal la, e te vide li sou tèt Jésus.
Men kèk moun te mekontan e te pale youn ak lòt: “Poukisa l ap gaspiye pafen sila a? Paske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l.
Men Jésus te di: “Lese li. Poukisa nou ap twouble li? Li fè M yon bon zèv. Paske malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan. Li fè sa li ta kapab. Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an. Anverite Mwen di nou: Nenpòt kote ke bòn nouvèl la ta preche nan tout lemonn, sa ke fanm sa a fè a, li va pale nan memwa li.”
10  Judas Iscariot, ki te youn nan douz yo, te ale bò kote chèf prèt yo pou li ta kapab trayi Jésus a yo menm. 11 Yo te kontan lè yo te tande sa, e te pwomèt li lajan. Konsa, li t ap chache kijan pou trayi Li nan yon moman favorab.
12 Nan premye jou Pen San Ledven an, lè jenn mouton Pak la t ap touye kon sakrifis la, disip Li yo te di Li: “Kote Ou vle nou ale fè preparasyon pou Ou kapab manje Pak la?”
13 Li te voye de nan disip Li yo. Li te di yo: “Antre nan vil la, e yon mesye k ap pote yon krich dlo ap rankontre nou. Swiv li. 14 Epi nenpòt kote li antre, di a mèt kay la: Mèt la mande: ‘Kote chanm vizitè Mwen an, pou M kab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’ 15 Li menm va montre nou yon gran chanm anlè, byen founi e prè. Prepare pou nou la.”
16 Konsa, disip yo te sòti e te vini nan vil la. Yo te twouve l jan ke Li te eksplike yo a. Konsa, yo te prepare Pak la la.
17 Lè li te fènwa, li te vini avèk douz yo.
18 Pandan yo te chita a tab e t ap manje, Jésus te di: “Anverite, Mwen di nou ke youn nan nou va trayi Mwen; li menm k ap manje avè M.”
19 Yo te kòmanse tris. Yo t ap mande Li youn pa youn: “Asireman se pa mwen!”
20 Li te di yo: “Se youn nan douz yo; youn ki tranpe manje l nan veso ansanm avè M nan. 21 Paske Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke sa ekri sou Li a; men malè a nonm sa a, pa li menm Fis a Lòm nan trayi a. Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
22 Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.”
23 Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann. 24 Konsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun. 25 Anverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”
26 Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.
27  Jésus te di yo: “Akoz Mwen menm, nou tout va fè lachit aswe a; paske sa ekri: ‘Mwen va frape bèje atè a, e mouton yo va gaye’.
28 “Men apre M fin leve, M ap prale devan nou Galilée.”
29 Men Pierre te di Li: “Menm si tout moun chite; mwen menm, m p ap fè sa.”
30 Jésus te di l: “Anverite, Mwen di ou, ke, nan menm nwit sa a, ou va nye Mwen twa fwa avan kòk la gen tan chante de fwa.”
31 Men Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.
32 Yo te vini nan yon plas yo te rele Gethsémané. Li te di disip Li yo: “Chita isit la jouk lè ke M fin priye.”
33 Li te pran avè L Pierre, Jacques, ak Jean, e Li te kòmanse trè enkyete, e twouble. 34 Li te di yo: “Nanm Mwen gen yon tristès pwofon; jis nan pwen pou M mouri. Rete la e veye toujou.”
35 Li te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou lè sa a ta kapab pase de Li. 36 Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”
37 Li vini e twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Simon, èske w ap dòmi? Èske ou pa t kapab rete veye pou yon sèl èdtan? 38 Kontinye veye e priye pou ou pa antre nan tantasyon. Lespri a dispoze, men chè la fèb.”
39 Konsa, yon lòt fwa Li te ale priye, e te di menm mo yo. 40 Ankò, Li te vini e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. Ni yo pa t konnen kisa pou yo ta di Li.
41 Li te vini yon twazyèm fwa e te di yo: “ Dòmi toujou e pran repo nou. Sa sifi. Lè a fin rive. Gade, Fis a Lòm nan ap trayi pou rive nan men pechè yo. 42 Leve! An ale nou! Gade, sila a ki trayi M nan parèt.”
43 Nan menm moman an, pandan Li toujou t ap pale, Judas, youn nan douz yo, te vin parèt, akonpanye pa yon foul avèk nepe ak baton ki te sòti nan chèf prèt yo, avèk skrib yo, ak ansyen yo.
44 Alò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.” 45 Lè l rive, l ale lapoula bò kote Li, e te di: “Mèt!”, e te bo Li.
46 Yo te mete men sou Li e te sezi Li. 47 Men yon sèten mesye nan sila ki te kanpe la yo te rale nepe li. Li te frape esklav a wo prèt la, e te koupe retire zòrèy li.
48 Jésus te reponn e te di yo: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta kab kont yon vòlè? 49 Chak jou Mwen te avèk nou nan tanp la ap enstwi, e nou pa t janm sezi M. Men sa fèt pou Ekriti yo kapab akonpli.” 50 Konsa, yo tout te kouri kite Li.
51 Yon sèten jennonm t ap swiv Li, abiye sèl ak yon dra lèn ki kouvri kò l toutouni. Jennom yo te sezi li, 52 men li te rale kò l pou l kite dra a, e chape toutouni.
53 Yo te mennen Jésus ale vè wo prèt la. Tout chèf prèt avèk ansyen yo, ak skrib yo te reyini ansanm.
54 Pierre te swiv Li a yon distans, jouk L antre nan lakou wo prèt la. Li te chita avèk ofisye yo e t ap chofe kò li bò kote dife a.
55 Alò, chèf prèt yo avèk tout konsèy la t ap eseye twouve temwayaj kont Jésus, pou mete L a lanmò. Men yo pa t twouve anyen. 56 Paske anpil t ap bay fo temwayaj kont Li, men temwayaj yo pa t koresponn. 57 Kèk te kanpe e te bay fo temwayaj kont Li. Yo t ap di: 58 “Nou te tande Li di: ‘Mwen va detwi tanp sa ki fèt avèk men, e nan twa jou, mwen va bati yon lòt ki fèt san men.’ ” 59 Epi menm nan sa a, temwayaj yo pa t koresponn.
60 Wo prèt la te leve. Li te vini devan, e te kesyone Jésus. Li te di: “Èske ou pa reponn kesyon yo? Kisa ke moun sa yo ap temwaye konsa kont ou yo?”
61 Men Li te rete an silans, e pa t reponn yo. Ankò wo prèt la te poze L kesyon e t ap di Li: “Èske Ou menm se Kris la, Fis a Sila Ki Beni an?”
62 Jésus te reponn li: “Se Mwen. Nou va wè Fis a Lòm nan vin chita bò dwat Pwisans lan, e vini avèk nwaj nan syèl yo.”
63 Konsa, wo prèt la te chire rad li. Li te di: “Kisa nou bezwen kòm temwayaj ankò? 64 Nou tande blasfèm nan! Kisa sa sanble selon nou menm?”
Konsa, yo tout te kondane Li, ke Li te merite lanmò. 65 Epi kèk te kòmanse krache sou Li, e bat Li avèk kout pwen. Yo t ap di L: “Pwofetize!” Ofisye yo te fwape L ak kalòt nan figi.
66  Pierre te anba nan lakou tribinal la. Yon fi ki sèvi nan kay a wo prèt la te vini. 67 E lè l wè Pierre ki t ap chofe kò l, li byen gade l e te di: “Ou te la tou avèk Jésus, Nazareyen an.”
68 Men Li te demanti sa, e te di: “Mwen pa menm konnen, ni konprann, kisa w ap pale a.” Epi li ale sou galeri deyò a.
69 Sèvant kay la te wè li e te kòmanse di ankò a sila ki te la yo: “Sila a se youn nan yo!” 70 Men ankò, li t ap demanti sa a.
E apre kèk tan, sila ki te la yo t ap di ankò a Pierre: “Asireman ou se youn nan yo, paske ou menm osi se yon Galilyen.”
71 Men li te kòmanse bay madichon e joure: “Mwen pa konnen nonm sila a ke n ap pale a.”
72 Imedyatman, kòk la te chante pou dezyèm fwa a. E Pierre te sonje jan Jésus te di l la: “Avan kòk la chante de fwa, ou va nye M twa fwa.” Nan sonje sa a, li te kòmanse kriye.
14:1 Mat 26:2-5 14:3 Luc 7:37-39 14:7 Det 15:11 14:8 Jn 19:40 14:9 Mat 26:13 14:10 Mat 26:14-16 14:12 Mat 26:17-19 14:14 Luc 22:11 14:17 Jn 13:18 14:22 Mc 10:16 14:24 Egz 24:8 14:26 Mat 26:30 14:27 Mat 26:31-35 14:27 Za 13:7 14:28 Mat 28:16 14:30 Mat 26:34 14:30 Mc 14:68-72 14:32 Mat 26:36-46 14:33 Mc 9:15 14:34 Mat 26:38 14:35 Mat 26:45 14:36 Wo 8:15 14:36 Mat 26:39 14:38 Mat 26:41 14:41 Mc 14:35 14:43 Mat 26:47-56 14:45 Mat 23:7 14:49 Mc 12:35 14:53 Mat 26:57-68 14:54 Mc 14:67 14:55 Mat 5:22 14:58 Mat 26:61 14:61 Mat 26:63 14:62 Sòm 110:1 14:62 Dan 7:13 14:63 Nonb 14:6 14:64 Lev 24:16 14:65 Mat 26:67 14:65 Luc 22:64 14:66 Mat 26:69-75 14:67 Mc 14:54 14:67 Mc 1:24 14:70 Mat 26:73 14:72 Mc 14:30-68