15
Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, ansanm ak tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus, e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.
Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?”
Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”
Chèf prèt yo te akize L byen sevè sou anpil bagay.
Pilate t ap kesyone L toujou. Li te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”
Men Jésus pa t reponn anplis, jiskaske Pilate te etone.
Alò, nan fèt la, li te konn lage pou yo, yon prizonye ki chwazi selon demann pa yo. Epi te gen yon mesye yo rele Barabbas, ki te vin pran prizon, ansanm avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Mesye sa yo, te responsab touye moun. Foul la te pwoche Pilate, e te kòmanse mande l fè sa ke li te gen abitid fè pou yo a. Pilate te reponn yo. Li te mande: “Èske nou vle ke m ta lage pou nou Wa a Jwif yo?” 10 Paske li te byen konprann ke chèf prèt yo te livre Li akoz jalouzi.
11 Men chèf prèt yo te chofe foul la pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.
12 Epi Pilate te reponn yo ankò: “Ebyen, kisa pou m ta fè avèk Li menm ke nou rele Wa Jwif yo?”
13 Konsa, yo te rele fò: “Krisifye Li!”
14 Men Pilate t ap di yo: “Poukisa? Ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”
15 Akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo. Lè li te fin fè yo bat Jésus ak fwèt, li te livre L, pou L ta krisifye.
16  Sòlda yo te pran L antre nan lakou a (sa vle di Pretwa a). Yo te rele ansanm yon kowòt Women antye. 17 Yo te abiye Li an mov, e lè yo te fin trese yon kouwòn zepin, yo te mete l sou tèt Li. 18 Konsa, yo te kòmanse salye Li: “Sali, Wa a Jwif yo!” 19 Yo te kontinye bat tèt Li avèk yon wozo, yo te krache sou Li. Yo te mete yo ajenou, epi yo te bese devan Li. 20 Lè yo te fin moke L, yo retire vètman mov la, e te mete pwòp rad Li sou Li. E yo te mennen Li deyò pou krisifye Li. 21  Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.
22 Konsa, yo te mennen Li nan plas Golgotha, ki tradwi kon Plas A Zo Bwatèt. 23 Yo te eseye bay Li diven mele avèk myrr; men Li pa t pran li. 24 Epi yo te krisifye Li e te divize vètman Li yo pami yo menm. Yo te fè tiraj osò pou yo detèmine sa ke yo chak ta pran.
25 Se te nan twazyèm lè ke yo te krisifye Li a.
26 Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.
27 Konsa,yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li. 28 Epi konsa, Lekriti sen an te akonpli ki te di: “Epi Li te konte pami malfektè yo.”
29 Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou. 30 Sove tèt Ou, e desann sou kwa a!”
31 Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.” 32 “Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.
33  Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 34 Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”
35 Lè kèk nan moun ki te la yo tande sa, yo te di: “Gade, L ap rele Élie.”
36 Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “ Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”
37  Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.
38  Vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.
39  Lè santenye Women nan, ki te kanpe tou dwat devan Li a, te wè jan Li te rann dènye souf Li a, li te di: “Anverite, nonm sila a se te Fis Bondye a.”
40  Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans. Pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, avèk Joset, e Salomé. 41 Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.
42 Lè aswè te rive, akoz Jou Preparasyon an, sa vle di, jou avan Saba a, 43 Joseph Arimathée te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.
44 Pilate te vle konnen si Li te gen tan mouri. Li te rele santenye Women an, e te mande l si li te mouri deja. 45 Konsa, lè l vin konprann sa selon santenye Women an, li te bay kò a a Joseph.
46 Joseph te pote yon twal lèn, te desann Li, e te vlope L nan twal lèn an. Li te mete L nan tonm ki te fouye nan wòch la, e li te woule yon gwo wòch kont antre a tonm nan.
47  Marie Magdala, avèk Marie, manman Joses te wè kote yo te mete Li.
15:1 Mat 27:1 15:2 Mat 27:11-14 15:5 Mat 27:12 15:6 Mat 27:15-26 15:11 Trav 3:14 15:15 Mat 27:26 15:16 Mat 27:27-31 15:21 Mat 27:32 15:22 Mat 27:33-44 15:23 Mat 27:34 15:24 Sòm 22:18 15:25 Mc 15:33 15:26 Mat 27:37 15:28 És 53:12 15:29 Sòm 22:7 15:29 Mc 14:58 15:31 Mat 27:42 15:32 Mat 27:44 15:33 Sòm 22:1 15:34 Sòm 22:1 15:37 Mat 27:50 15:38 Egz 26:31-33 15:39 Mat 27:54 15:40 Luc 23:49 15:41 Mat 27:55 15:42 Mat 27:57-61 15:43 Mat 27:57 15:43 Jn 19:38 15:45 Mc 15:39 15:47 Mat 27:56