14
Epi tout kongregasyon an te leve vwa yo pou te rele, e pèp la te kriye nan nwit lan. Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron. Tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a! Poukisa SENYÈ a ap mennen nou nan peyi sa a, pou tonbe anba nepe? Madanm nou yo avèk pitit nou yo va devni piyay. Èske li pa t ap pi bon pou nou pou retounen an Égypte?” Epi yo te di youn lòt: “Annou chwazi yon chèf, pou retounen an Égypte.”
Konsa, Moïse avèk Aaron te tonbe sou figi yo nan prezans a tout asanble kongregasyon a fis Israël yo. Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo. Yo te pale avèk tout kongregasyon a fis Israël yo, e te di: “Peyi ke nou te pase ladann pou fè ankèt la, se yon vrèman bon peyi. Si SENYÈ a kontan avèk nou, alò, Li va mennen nou nan peyi sa a pou bannou li—yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl. Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a; ni pa pè pèp peyi sa a, paske, nou va devore yo. Pwoteksyon yo ale, e SENYÈ a avèk nou. Pa pè yo.”
10 Men tout kongregasyon an te kòmanse lapide yo avèk kout wòch. Konsa laglwa SENYÈ a te parèt nan tant asanble a a tout fis Israël yo. 11 SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan, moun sa yo va desann mwen konsa? Pou konbyen de tan yo va refize kwè nan Mwen, malgre tout sign ke M te fè nan mitan yo? 12 Mwen va frape yo avèk gwo mizè. Mwen va dizerite yo. Mwen va fè ou menm vin fòme yon nasyon pi gwo e pi fò ke yo.”
13  Men Moïse te reponn SENYÈ a: “Alò Ejipsyen yo va tande bagay sa a, paske pa pwisans Ou, Ou te mennen fè monte pèp sa a soti nan mitan yo. 14 Konsa, yo va pale sa a sila ki rete nan peyi sila yo. Yo te tande ke Ou menm, O SENYÈ a, rete nan mitan pèp sa a. Paske Ou menm, O SENYÈ a, yo fè wè fasafas, e nwaj Ou kanpe sou yo; epi Ou ale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen ak yon pilye dife pandan lannwit la. 15 Alò, si ou touye pèp sa a tankou se yon sèl moun, alò, nasyon ki te tande tout istwa Ou yo, va di: 16 ‘Akoz SENYÈ a pa t kab mennen pèp sa nan peyi ke Li te pwomèt yo avèk sèman an, pou sa, li te detwi yo nan dezè a.’
17 “Men koulye a, mwen priye, pou pwisans a SENYÈ a vin gwo, jis jan ke Ou te deklare a, 18  ‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’
19  “Padone, mwen priye Ou, inikite a pèp sa a selon grandè lanmou dous Ou a, jis jan ke Ou menm, osi, te padone pèp sa a, depi an Égypte pou jis rive koulye a.”
20 Konsa, SENYÈ a te di: “Mwen te padone yo, jan ou te mande a; 21 men vrèman, jan Mwen viv la, tout latè va ranpli avèk laglwa SENYÈ a. 22 Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M. 23 Pa gen youn nan yo k ap wè peyi ke M te sèmante a papa yo a, ni p ap gen nan sila ki te rejte M yo, k ap wè l. 24 Men sèvitè Mwen an, Caleb, akoz li te gen yon lòt lespri, e li te swiv Mwen nèt, Mwen va mennen l nan peyi kote li te antre a, e desandan li yo va vin pran posesyon li. 25  Alò, moun Amalec avèk Canaran yo ap viv nan vale yo. Vire demen pou pati pou dezè a pa chemen Lamè Wouj la.
26 “SENYÈ a te pale avèk Moïse, e te di: 27 Pou konbyen de tan, Mwen va sipòte kongregasyon mechan sila k ap bougonnen kont Mwen an? Mwen fenk tande plent ke fis Israël yo ap fè kont Mwen.
28 “Di yo: ‘Jan Mwen vivan an, di SENYÈ a, mwen va fè pou ou tout bagay jan Mwen te tande ou di a. 29  Kadav nou yo va tonbe nan dezè sila a, menm tout mesye konte yo, nou tout soti nan ventan oswa plis, ki te bougonnen kont Mwen yo, 30 vrèman, nou p ap antre nan peyi kote Mwen te sèmante pou mete nou an, sof Caleb, fis a Jephunné a ak Jousé, fis a Nun nan. 31 Men pitit nou yo, ke nou te di ki ta devni yon objè lachas— Mwen va mennen yo antre ladann. Yo va konnen peyi ke nou menm te rejte a.
32  “ ‘Men pou nou menm, kadav nou va tonbe nan dezè sila a. 33 Fis nou yo va vin bèje pandan karantan nan dezè a, e yo va soufri pou enfidelite nou yo jiskaske kadav nou kouche nan dezè a. 34 Selon nonb de jou ke nou te fè ankèt nan peyi a, karant jou, pou chak jou, nou va pote inikite nou yo pandan 1 nan, Ki fè karantan total, e nou va konprann opozisyon Mwen an.’ 35  Mwen, SENYÈ a te pale. Se vrèman sa Mwen va fè a tout kongregasyon mechan sila ki rasanble kont Mwen an. Nan dezè sa a, yo va vin detwi, e la yo va mouri.”
36  Pou mesye ke Moïse te voye pou fè ankèt nan peyi a, e ki te retounen pou fè tout kongregasyon an bougonnen kont Li yo lè yo te vin sòti avèk yon move rapò sou peyi a, 37 menm mesye sila yo ki te fè sòti rapò byen move a, yo te vin mouri akoz yon epidemi devan SENYÈ a. 38 Men Josué, fis Nun nan ak Caleb, fis a Jephaunné a te rete vivan pami sila ki te ale fè espyonaj peyi a.
39 Lè Moïse te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve fè gwo lamantasyon. 40 Sepandan, nan maten, yo te leve bonè, yo te monte vè krèt kolin ki nan peyi kolin yo. Yo te di: “Men nou isit la! Nou te vrèman fè peche, men nou va monte vè kote ke SENYÈ a te pwomèt la.”
41 Men Moïse te di: “Poukisa nou ap transgrese kòmandman a SENYÈ a, lè sa p ap reyisi? 42  Pa monte, oswa nou va frape devan lènmi nou yo, paske SENYÈ a pa pami nou. 43 Paske, moun Amalec yo ak Kananeyen yo va la devan nou, e nou va vin tonbe anba nepe, akoz ke nou te vire an aryè kite SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a p ap avèk nou.”
44 Men san prekosyon, yo te monte nan krèt peyi kolin nan. Men ni lach temwayaj la, ni Moïse te kite kan an. 45 Alò, moun Amalec yo avèk Kananeyen ki te rete nan peyi kolin yo, te vin desann. Yo te frape yo, e te bat yo jis rive nan Horma.
14:2 Nonb 11:5 14:3 Egz 5:21 14:3 Nonb 14:31 14:4 Nonb 9:17 14:5 Nonb 16:4 14:7 Nonb 13:27 14:8 Det 10:15 14:9 Det 1:26 14:10 Egz 16:10 14:11 Sòm 106:24 14:12 Egz 32:10 14:13 Egz 32:11-14 14:14 Egz 13:21 14:15 Egz 32:12 14:16 Jos 7:7 14:18 Sòm 145:8 14:19 Egz 32:32 14:20 Mi 7:18-20 14:21 És 6:3 14:22 I Kor 10:5 14:23 Nonb 26:65 14:24 Nonb 14:6-9 14:24 Jos 14:6-15 14:25 Nonb 13:29 14:27 Nonb 11:1 14:28 Det 2:14-15 14:29 Eb 3:17 14:30 Nonb 14:24 14:31 Nonb 14:3 14:32 Nonb 26:64-65 14:33 Det 2:7 14:35 Nonb 23:19 14:36 Nonb 13:4-32 14:39 Egz 33:4 14:40 Det 1:41-44 14:41 II Kwo 24:20 14:42 Det 1:42 14:44 Nonb 31:6 14:45 Nonb 21:3