15
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote nou dwe viv la, peyi ke Mwen ap bannou an, alò, fè yon ofrann pa dife a SENYÈ a—yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, swa kòm yon ofrann bòn volonte, swa nan tan apwente yo, pou fè yon odè ki santi bon a SENYÈ a, soti nan twoupo oswa nan bann mouton— sila ki prezante ofrann li an, va prezante bay SENYÈ a yon ofrann sereyal de yon dizyèm efa farin fen mele avèk yon ka lwil. Ou va prepare diven pou ofrann bwason an, yon ka boutèy, avèk ofrann brile a oswa pou sakrifis la, pou chak jenn mouton.
“ ‘Oswa pou yon belye, ou va prepare kòm yon ofrann sereyal, de dizyèm efa farin fen mele avèk yon tyè boutèy lwil; epi pou ofrann bwason an, ou va ofri yon tyè boutèy diven kòm yon odè santi bon a SENYÈ a.
“ ‘Lè ou fin prepare yon towo kòm yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, oswa ofrann lapè bay SENYÈ a, alò, ou va ofri avèk towo a yon ofrann sereyal fèt ak twa dizyèm efa farin fen mele avèk yon mwatye boutèy lwil; 10 epi ou va ofri kòm ofrann bwason, yon mwatye boutèy diven kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a. 11 Konsa, li va fèt pou chak bèf, oswa chak belye, oswa chak nan jenn mouton mal yo, oswa kabrit yo. 12 Selon kantite ke nou prepare yo, konsa nou va fè pou chak selon kantite ki genyen an.
13 “ ‘Tout sila ki natif peyi yo, yo va fè bagay sa yo nan menm mod la, nan prezante yon ofrann pa dife a, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a. 14 Si yon etranje vin demere pami nou, oswa youn ki kapab pami nou pandan tout jenerasyon yo, e li vle fè yon ofrann pa dife, kòm yon ofrann ki santi bon a SENYÈ a, menm jan ak nou, se konsa li va fè l. 15 Epi pou asanble a, va genyen yon sèl règleman pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an, yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Jan nou menm ye a, se konsa etranje a va ye devan SENYÈ a. 16 Va genyen yon sèl lwa, ak yon sèl òdonans pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an.’ ”
17 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 18 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote Mwen mennen nou an, 19 alò konsa sa va rive, ke lè nou manje nan manje peyi a, nou va leve yon ofrann bay SENYÈ a.
20  “ ‘Nan premye bòl farin moulen nou an, nou va fè leve yon gato kòm yon ofrann. Kòm ofrann moulen glasi, nou va leve li. 21 Soti nan premye bòl farin moulen an, nou va bay SENYÈ a yon ofrann pandan tout jenerasyon nou yo. 22 Men lè nou tonbe fè yon fòt ki pa eksprè, e nou vin pa obsève tout kòmandman sila ke SENYÈ a te pale a Moïse yo— 23 tout sa ke SENYÈ a te kòmande pa Moïse yo soti nan jou ke SENYÈ a te bay kòmandman an, avanse rive nèt pou tout jenerasyon yo— 24 alò, li va konte ke si sa fèt san entansyon, e san konesans kongregasyon an, ke tout kongregasyon an va ofri yon towo kòm yon ofrann brile, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa li a, ak ofrann bwason li an, selon òdonans lan, ak yon mal kabrit pou yon ofrann peche. 25 Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou tout kongregasyon fis Israël yo, e yo va vin padone; paske se te yon erè, e yo te pote ofrann pa yo, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, ofrann peche pa yo devan SENYÈ a, pou erè a.
26 “ ‘Konsa, tout kongregasyon fis Israël yo va vin padone, avèk etranje ki demere pami yo, paske sa te rive a tout pèp la akoz fòt erè a. 27 Osi, si yon moun fè peche ki pa eksprè, alò, li va ofri yon femèl kabrit nan laj 1 nan kòm yon ofrann peche. 28  Prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou moun ki kite chemen an lè li fè peche ki pa eksprè a, pou li k ap fè ekspiyasyon pou li pou jiskaske li kapab padone. 29 Nou va genyen yon sèl lwa pou sila ki fè yon bagay ki pa eksprè, pou sila ki natif pami fis Israël yo, e pou sila ki se yon etranje k ap demere pami yo. 30 Men moun ki fè yon bagay avèk rebelyon an, menm si se yon natif, oswa yon etranje, sila ap blasfeme SENYÈ a. Nanm sa va koupe retire de pèp li a. 31  Akoz ke li te meprize pawòl a SENYÈ a, e li te vyole kòmandman Li an, moun sa a va konplètman koupe retire. Koupabilite li va rete sou li.’ ”
32 Alò, pandan fis Israël yo te nan dezè a, yo te twouve yon nonm ki t ap ranmase bwa nan jou Saba a. 33 Sila ki te twouve li yo nan ranmase bwa a te mennen li vè Moïse avèk Aaron, ak tout asanble a. 34 Konsa, yo te arete li, akoz ke li potko deside kisa pou fè avèk li. 35 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Nonm nan va vrèman vin mete a lanmò. Tout kongregasyon an va lapide li avèk kout wòch deyò kan an.”
36 Konsa, tout kongregasyon an te mennen li deyò kan an, e yo te lapide li jiska lanmò avèk kout wòch, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
37 SENYÈ a te osi pale avèk Moïse e te di: 38 “Pale avèk fis Israël yo e di yo ke yo va fè pou yo menm ponpon sou kwen vètman yo pandan tout jenerasyon yo, e ke yo va mete sou ponpon nan chak kwen an, yon kòd ble. 39 Se va yon ponpon pou nou gade, e pou sonje tout kòmandman SENYÈ yo, pou nou obeyi yo, e pa pwostitiye tèt nou jan noun te kon fè, nan swiv dezi pwòp kè nou ak zye nou, 40 e pou nou sonje pou fè tout kòmandman Mwen yo, e pou rete sen a Bondye nou an.
41 “Mwen menm se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, pou M kab vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”
15:2 Lev 23:10 15:3 Lev 22:21 15:3 Lev 23:1-44 15:4 Nonb 28:1-31 15:5 Lev 19:34 15:8 Lev 1:3 15:15 Nonb 9:14 15:16 Lev 24:22 15:19 Jos 5:11-12 15:20 Egz 34:26 15:22 Lev 4:2 15:24 Nonb 15:8-10 15:25 Lev 4:20 15:26 Nonb 15:24 15:27 Lev 4:27-31 15:28 Lev 4:35 15:30 Nonb 14:40-44 15:31 II Sam 12:9 15:32 Egz 31:14-15 15:34 Nonb 9:8 15:35 Lev 24:14-23 15:38 Det 22:12 15:39 Det 4:23 15:40 Lev 11:44-45