13
Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l,
men yon mokè pa koute repwòch.
Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;
men volonte moun infidèl se vyolans.
Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li;
sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;
men nanm a moun dilijan an vin gra.
Yon nonm dwat rayi sa ki fo;
men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la;
men mechanste fè pechè a vin souye nèt.
Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen;
yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.
Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li;
men malere a pa tande menas.
Limyè a moun dwat la se rejwisans;
men lanp a mechan an va etenn.
10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;
men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.
11 Richès ki sòti nan manti koule ale;
men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
12 Lespwa jennen fè kè a malad;
men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
13 Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwe a;
men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.
14 Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi
pou detounen pèlen lanmò a.
15  Bon konprann pwodwi favè;
men chemen moun ki pa fidèl la di.
16 Tout moun ki pridan aji ak konesans;
men yon moun san konprann parèt ak foli li.
17 Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite;
men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon
18 Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan;
men sila ki konsidere repwòch la va onore.
19 Yon dezi ki realize se dous a nanm nan,
men moun bèt pa vle kite mechanste.
20  Sila ki mache ak moun saj va vin saj;
men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
21 Se malè ki kouri dèyè pechè yo;
men moun dwat yo va pwospere.
22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;
men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
23 Gen anpil manje nan tè malere a;
men li fin bale nèt akoz enjistis.
24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;
men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
25 Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li;
men vant mechan an toujou gen bezwen.
13:1 Pwov 10:1 13:3 Pwov 18:21 13:5 Kol 3:9 13:6 Pwov 11:3 13:7 Luc 12:33 13:9 Job 18:5 13:13 Nonb 15:31 13:14 Sòm 10:11 13:15 Sòm 111:10 13:16 Pwov 12:23 13:18 Pwov 15:5-32 13:20 Pwov 2:20 13:22 Esd 9:12 13:23 Pwov 12:11 13:24 Det 8:5 13:25 Pwov 13:18