12
1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,  
men sila ki rayi korije a, se bèt.   
2 Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a;  
men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.   
3 Yon nonm p ap etabli ak mal la;  
men rasin moun dwat la p ap sòti menm.   
4 Yon bon madanm se kouwòn a mari li;  
men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.   
5 Panse a moun dwat yo jis;  
men konsèy a mechan yo se desepsyon.   
6 Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san;  
men bouch moun dwat yo va delivre yo.   
7 Mechan yo va boulvèse e vin disparèt;  
men kay a moun dwat yo va kanpe.   
8 Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li;  
men sila ak panse pèvès la va meprize.   
9 Meyè se sila ki enkoni an, men ki gen sèvitè,  
pase sila ki onore pwòp tèt li e ki manke pen an.   
10 Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li;  
men konpasyon a mechan an se mechanste.   
11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen;  
men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.   
12 Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo;  
men rasin ladwati yo va donnen fwi li.   
13 Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li;  
men moun dwat la va evite pwoblèm.   
14 Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li,  
e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.   
15 Chemen a yon moun fou bon nan zye li;  
men yon nonm saj koute konsèy.   
16 Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit;  
men sila ki saj la evite wont.   
17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;  
men yon fo temwen twonpe.   
18 Genyen yon moun ki pale san pridans  
tankou sila k ap goumen ak nepe yo;  
men lang a saj la pote gerizon.   
19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;  
men lang ki bay manti a rete pou yon moman.   
20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;  
men konseye lapè yo gen jwa.   
21 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;  
men mechan yo plen ak twoub.   
22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;  
men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.   
23 Yon moun pridan kache sa li konnen;  
men kè moun san konprann pale jis nan foli.   
24 Men a dilijan yo va kòmande;  
men parese a va fè kòve.   
25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;  
men yon bon pawòl fè l leve.   
26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li;  
men chemen a mechan fè yo egare.   
27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li,  
men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.   
28 Nan chemen ladwati se lavi;  
e nan wout li nanpwen lanmò.