16
Plan kè a sòti nan lòm;
men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.
Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li;
men SENYÈ a peze sa k nan kè l.
Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,
e plan ou yo va etabli.
SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li;
menm mechan yo pou jou jijman an.
Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a;
anverite, li p ap chape anba pinisyon.
Pa lanmou dous avèk verite, inikite lave;
e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.
Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan,
l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.
Pi bon se piti ak ladwati
pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
Panse a lòm fè plan pou wout li;
men SENYÈ a dirije pa li yo.
10 Se desizyon diven ki nan lèv a wa a;
bouch li pa dwe fè erè nan jijman.
11 Yon balans ki jis apatyen a Bondye;
li veye sou tout pwa nan sak yo.
12 Se abominab pou wa yo komèt zak mechan,
paske yon twòn etabli sou ladwati.
13 Lèv ki dwat se plezi a wa yo;
e sila ki pale dwat, vin renmen.
14 Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò;
men yon nonm saj va kalme li.
15 Nan vizaj a yon wa briye lavi;
e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.
16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò!
Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.
17  Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal;
sila ki veye chemen li an prezève lavi li.
18 Ògèy ale devan destriksyon
e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.
19 Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo,
pase divize piyaj ak moun ògeye yo.
20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;
beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
21  Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann;
e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l;
men pou disipline moun ensanse yo se foli.
23  Kè moun saj la enstwi bouch li;
li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.
24  Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;
dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
25  Gen wout ki parèt bon a yon nonm;
men fen li se lanmò.
26 Apeti a yon ouvriye fè byen pou li;
paske se grangou ki ankouraje l.
27 Yon sanzave fòmante mechanste;
pawòl li yo brile tankou dife wouj.
28 Yon nonm pèvès gaye konfli,
e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.
29 Yon nonm vyolan ap tante vwazen li
pou l mennen li nan move chemen.
30 Sila kap bay je dou, fè l pou l kab mennen bagay pèvès;
sila ki fèmen sere lèv li, fè mal la rive.
31 Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa;
li jwenn nan chemen ladwati a.
32 Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo;
e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.
33 Tiraj osò fèt nan fon wòb;
men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.
16:1 Pwov 16:9 16:3 Sòm 37:5 16:4 Wo 9:22 16:6 Dan 4:27 16:7 Jen 33:4 16:9 Sòm 37:23 16:12 Pwov 25:5 16:17 És 35:8 16:19 Pwov 3:34 16:21 Os 14:9 16:23 Sòm 37:30 16:24 Sòm 19:10 16:25 Pwov 12:15 16:27 Pwov 6:12-18 16:29 Pwov 1:10 16:31 Pwov 20:29