17
Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapè
pase yon kay ak gwo manje nan konfli.
Yon sèvitè ki aji avèk sajès
va renye sou yon fis ki aji ak wont;
li va pataje eritaj la pami frè yo.
Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò;
men SENYÈ a ap sonde tout kè.
Yon malfektè koute lèv mechan yo;
yon mantè prete atansyon a yon lang kap detwi.
Sila ki moke malere a moke Kreyatè li;
sila ki rejwi nan malè a, p ap soti san pinisyon.
Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e glwa a fis yo se papa yo.
Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse,
bokou mwens lèv kap manti sou yon prens.
Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li;
nenpòt kote li vire, li byen reyisi.
Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou;
men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
10 Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan
pase anpil kou sou yon moun ensanse.
11 Yon nonm rebèl se mal l ap chache;
konsa, yon mesaje byen sovaj va voye kont li.
12 Pito yon nonm rankontre yon lous fewòs ki separe de pitit li,
pase yon moun ensanse nan mitan foli li.
13 Pou sila ki remèt mal pou byen an,
mal la p ap janm kite lakay li.
14 Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo;
konsa, kite kont la avan l kòmanse.
15 Sila ki bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la;
tou de abominab a SENYÈ a.
16 Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a
pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?
17 Yon zanmi renmen tout tan;
yon frè fèt pou move tan.
18 Yon nonm ki manke konprann sèvi garanti,
e devni responsab nan prezans a vwazen li.
19 Sila ki renmen vyole lalwa a renmen konfli;
sila ki awogan an, chache gwo dega.
20 Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon,
e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.
21 Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès;
e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.
22 Yon kè kontan se bon remèd;
men yon lespri brize seche tout zo.
23 Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè;
pou l tòde chemen lajistis.
24 Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan;
men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.
25 Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l,
ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
26 Anplis, li pa bon pou pini moun dwat la,
ni pou frape prens yo akoz entegrite yo.
27 Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans;
e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.
28 Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj;
lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.
17:3 I Kwo 29:17 17:5 Pwov 14:31 17:6 Egz 20:12 17:7 Sòm 31:18 17:9 Pwov 10:12 17:12 II Sam 17:8 17:13 Sòm 35:12 17:14 Pwov 20:3 17:15 Egz 23:7 17:16 Pwov 23:23 17:17 Rt 1:16 17:18 Pwov 6:1 17:19 Pwov 16:18 17:20 Pwov 24:20 17:22 Sòm 22:15 17:23 Egz 23:8 17:24 Ekl 2:14 17:25 Pwov 10:1 17:26 Pwov 17:5 17:27 Pwov 14:29