2
Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
Paske, SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.
Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
Ka p veye chemen lajistis yo,
e pwoteje chemen a fidèl Li yo.
Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis,
e menm egalite avèk tout bon chemen yo.
10 Paske, sajès va antre nan kè ou,
e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.
11 Bon konprann va pwoteje ou,
konesans va veye sou ou,
12 pou pwoteje ou kont chemen mal la,
kont lòm ki pale bagay pèvès yo.
13 Kont sila ki kite chemen ladwati yo
pou mache nan chemen fènwa yo;
14 ki pran plezi nan fè sa ki mal
e rejwi nan mechanste mal la.
15 Chemen a sila ki vin kwochi yo
e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.
16 Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,
soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;
17 ki kite konpanyen jenès li a,
e ki bliye akò a Bondye li;
18 paske lakay li mennen a lanmò
e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.
19 Pèsòn ki ale kote li menm, pa retounen ankò,
ni yo pa jwenn pa lavi.
20 Akoz sa a, ou va mache nan chemen a sila ki bon yo,
e swiv tras a moun ladwati yo.
21 Paske moun dwat yo va viv nan peyi a,
e sila ki san tò yo va rete ladann;
22 men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a,
e moun trèt yo va dechouke de li.
2:1 Pwov 3:1 2:2 Pwov 22:17 2:4 Job 3:21 2:5 Pwov 1:7 2:6 I Wa 3:12 2:7 Sòm 84:11 2:8 I Sam 2:9 2:9 Pwov 8:20 2:10 Pwov 22:18 2:11 Pwov 4:6 2:12 Pwov 28:26 2:13 Pwov 21:16 2:14 Pwov 10:23 2:15 Sòm 125:5 2:16 Pwov 23:27 2:17 Mat 2:14-15 2:19 Ekl 7:26 2:20 Eb 6:12 2:21 Pwov 28:10 2:22 Det 28:63