3
Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,
men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo
va vin ogmante sou ou.
Pa kite dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
11  Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
 
13  A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se richès ak lonè.
17  Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19 SENYÈ a ak sajès te fonde latè a;
ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
20 Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri,
e syèl yo te vin degoute lawouze.
21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe bon sajès ak bon konprann.
22 Konsa yo va lavi pou nanm ou
ak dekorasyon pou kou ou.
23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,
e pye ou p ap chape.
24 Lè ou kouche ou p ap pè;
kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,
ni atak a mechan an lè l vini.
26 Paske Bondye va konfyans ou,
e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
 
27  Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,
si se nan kapasite ou pou fè l.
28 Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”,
oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
29  Pa kalkile mal kont vwazen ou
pandan l ap viv an sekirite akote ou.
30 Pa fè kont ak yon nonm san koz,
depi li pa konn fè ou tò.
31  Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,
ni pa chwazi chemen li yo.
32 Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;
men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.
33 Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo,
men Li beni abitasyon a moun dwat yo.
34  Li moke moun k ap moke,
men Li bay gras a sila ki aflije yo.
35  Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj,
men moun plen foli yo va dezonere.
3:1 Sòm 119:61 3:3 II Sam 15:20 3:4 Sòm 111:10 3:5 Sòm 37:3-5 3:6 És 45:13 3:7 Wo 12:16 3:8 Pwov 4:22 3:9 Egz 23:19 3:10 Det 28:8 3:11 Job 5:17 3:12 Rev 3:19 3:13 Pwov 8:32-34 3:14 Job 28:15-19 3:15 Job 28:18 3:16 Pwov 8:18 3:17 Mat 11:29 3:18 Jen 2:9 3:19 Sòm 104:24 3:20 Jen 7:11 3:22 Det 32:47 3:23 Sòm 91:12 3:24 Job 11:9 3:26 I Sam 2:9 3:27 Wo 13:7 3:29 Pwov 6:14 3:31 Sòm 37:1 3:32 Job 29:4 3:33 Job 8:6 3:34 Jc 4:6 3:35 Dan 12:3