26
Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt,
se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.
Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li,
se konsa yon madichon san koz p ap poze.
Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la,
ak baton pou do a moun ensanse a.
Pa reponn yon moun ensanse selon foli li,
oswa ou va vin tankou li.
Reponn yon moun ensanse selon foli li merite,
pou l pa vin saj nan pwòp zye li.
Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans,
ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.
Tankou janm ki initil pou moun bwate a,
se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ensanse.
Tankou yon moun ki mare wòch anndan fistibal
se konsa sila ki bay respè a moun ensanse a.
Tankou yon pikan ki tonbe nan men yon moun k ap bwè gwòg,
se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ki ensanse.
10 Tankou moun ak banza k ap blese tout moun,
se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a,
ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.
11 Tankou yon chen ki retounen nan vomi li,
se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.
12 Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li?
Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.
13  Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a!
Yon lyon nan plas la!”
14 Tankou pòt la vire sou gon li,
se konsa parese a sou kabann li.
15  Parese a fouye men l nan plato a;
men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.
16 Parese a pi saj nan pwòp zye li
pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
17 Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy,
se konsa sila k ap pase pa aza a,
pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.
18 Tankou yon moun fou k ap jete bwa dife, flèch ak lanmò,
19 se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di:
“Èske se pa blag mwen t ap fè?”
20 Akoz mank bwa, dife a etenn;
lè ti koze sispann, rayisman vin kalme.
21 Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife,
se konsa yon moun tchenpwèt chofe pwoblèm pou limen konfli.
22  Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan,
vin tankou bèl ti mòso delika.
Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
23 Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan,
se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
24 Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li;
men nan kè l, li fè depo desepsyon.
25 Lè l pale byen dous, pa kwè l;
paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
26 Malgre rayisman kouvri kò l ak riz,
mechanste li va devwale devan asanble a.
27 Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann,
e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.
28 Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo,
e zèv a lang flatè a se dega.
26:1 Pwov 17:7 26:2 Nonb 23:8 26:3 Pwov 10:13 26:4 Pwov 23:9 26:5 Mat 16:1-4 26:11 II Pi 2:22 26:12 Pwov 29:20 26:13 Pwov 22:13 26:14 Pwov 6:9 26:15 Pwov 19:24 26:16 Pwov 27:11 26:18 És 50:11 26:19 Ef 5:4 26:20 Pwov 22:10 26:21 Pwov 15:18 26:22 Pwov 18:8 26:24 Sòm 41:6 26:25 Sòm 28:3 26:26 Luc 8:17 26:27 Est 7:10