25
Sila yo se pwovèb yo a Salomon ke mesye Ézéchias yo, wa Juda a te dechifre.
Se glwa Bondye pou kache yon bagay;
men se glwa a wa yo pou chache konprann yon bagay.
Tankou syèl la nan wotè a, ak tè a nan pwofondè a,
se konsa kè a wa a ensondab.
Retire vye kras sou ajan k ap fonn nan, e va sòti metal pi pou òfèv la.
Retire mechan an devan wa a,
e twòn li an va etabli nan ladwati.
Pa reklame bèl repitasyon nan prezans a wa a,
e pa kanpe nan plas a moun pwisan yo;
paske li pi bon pou yo di ou: “Vin monte isit la”,
olye pou ou ta oblije desann piba nan prezans a prens lan,
ke zye ou te wè.
Pa fè vit lantre nan tribinal pou diskite ka ou;
anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt.
Diskite pwòp ka pa ou devan vwazen ou,
e pa devwale sekrè a yon lòt,
10 oswa sila ki tande ou a, va fè ou repwòch,
e move rapò sou ou menm p ap janm disparèt.
 
11 Tankou pòm an lò ki monte sou ajan,
se konsa yon mo byen plase nan moman li.
12 Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen
se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.
13 Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt,
se konsa yon mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo,
paske li rafrechi nanm a mèt li yo.
14 Tankou nwaj ak van san lapli,
se konsa yon nonm ki ogmante don li yo ak manti.
15 Ak pasyans, yon chèf ka vin pèswade;
se yon lang dous ki kase zo.
16 Èske ou te jwenn siwo myèl?
Manje sèlman kont ou,
pou ou pa gen twòp pou vomi li.
17 Kite pye ou raman pile lakay vwazen ou,
sinon li va fatige avè w, e vin rayi ou.
18 Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file,
se konsa yon nonm ki pote fo temwen kont vwazen li.
19 Tankou yon move dan ak yon pye ki pa estab,
se konsa konfyans nan yon nonm enfidèl nan tan gwo twoub.
20 Tankou yon moun ki retire rad li nan jou fredi,
oswa tankou vinèg sou poud bikabonat,
se konsa sila ki chante chan ak kè twouble yo ye.
21  Si lènmi ou grangou, ba li manje;
epi si li swaf, ba li dlo pou l bwè;
22 paske, ou va anpile chabon tou limen sou tèt li,
e SENYÈ a va bay ou rekonpans.
23 Van nò pote lapli
e yon lang medizan, pote yon move vizaj.
24 Li pi bon pou viv nan yon kwen twati
pase nan yon kay avèk yon fanm k ap fè kont tout tan.
25 Tankou dlo frèt pou yon nanm fatige,
se konsa yon bòn nouvèl ki sòti nan yon peyi lwen.
26 Tankou yon sous ki foule anba pye ak yon pwi kontamine,
se konsa yon nonm dwat ki bay plas a mechan an.
27 Li pa bon pou bwè anpil siwo myèl,
ni li pa bon pou chache pwòp glwa pa w.
28 Tankou yon gran vil ki kase antre san miray,
se konsa yon nonm ki pa kontwole pwòp tèt li.
25:1 Pwov 1:1 25:2 Esd 6:1 25:5 Pwov 20:8 25:8 Pwov 17:14 25:9 Mat 18:15 25:11 Pwov 15:23 25:12 Egz 32:2 25:13 Pwov 13:17 25:14 Jd 12 25:15 Jen 32:4 25:16 Jij 14:8 25:18 Egz 20:16 25:19 Job 6:15 25:21 Egz 23:4-5 25:22 II Sam 16:12 25:23 Sòm 101:5 25:24 Pwov 21:9 25:25 Pwov 15:30 25:26 Éz 32:2 25:27 Pwov 27:2 25:28 II Kwo 32:5