28
Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;
men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil;
men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.
Yon moun pòv ki peze malere
se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.
Sila ki abandone lalwa a bay lwanj a moun mechan;
men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.
Moun mechan yo pa konprann lajistis;
men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.
Pi bon se malere ki mache ak ladwati a
pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;
men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.
Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan,
ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,
menm lapriyè li abominab.
10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an
va li menm tonbe nan pwòp fòs li;
men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.
11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l;
men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
12 Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;
men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.
13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
14 A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a!
Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
15 Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake,
se konsa yon chèf mechan ye sou yon pèp malere.
16 Yon gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;
men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.
17 Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun
va yon fijitif jiskaske li mouri.
Pinga pèsòn ba li soutyen.
18 Sila ki mache san tò a va delivre;
men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.
19  Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;
men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
20 Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon;
men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
21 Montre patipri pa bon,
paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
22 Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès
e li pa konnen kisa k ap rive li.
23 Sila ki bay yon moun repwòch
va jwenn plis favè pase sila ki fè flatè ak lang li an.
24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l
epi di: “Sa pa yon transgresyon”,
se parèy ak yon moun ki detwi.
25 Yon nonm awogan ap pwovoke konfli;
men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
26 Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;
men sila ki mache ak sajès la va delivre.
27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke;
men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
28 Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo;
men lè yo peri moun dwat yo vin plis.
28:1 Lev 26:17-36 28:2 I Wa 16:8-28 28:4 Sòm 49:18 28:5 Sòm 92:6 28:6 Pwov 19:1 28:7 Pwov 23:20 28:8 Egz 22:25 28:9 Sòm 66:18 28:10 Mat 6:33 28:12 Pwov 28:28 28:13 Sòm 32:5 28:14 Pwov 23:17 28:15 Egz 1:14 28:16 Ekl 10:16 28:17 Jen 9:6 28:18 Pwov 10:27 28:19 Pwov 12:11 28:20 Pwov 10:6 28:22 Pwov 23:6 28:23 Pwov 29:5 28:24 Pwov 18:9 28:25 Pwov 15:18 28:26 Pwov 3:5 28:27 Pwov 11:24