29
Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch
va vin kraze sibitman san remèd.
moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;
men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.
Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan;
men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.
Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;
men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.
Yon nonm ki flate vwazen li
ap ouvri filè pou pla pye li.
Pa transgresyon yon nonm mechan
vin pran nan pyèj nèt;
men moun dwat la va chante e rejwi.
Moun ladwati a gen kè pou dwa malere;
men mechan an pa menm konprann afè sa a.
Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;
men moun saj yo kalme kòlè.
Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,
moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.
10 Moun k ap vèse san rayi inosan an;
men moun dwat yo pwoteje lavi li.
11 Moun san konprann toujou fache;
men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
12 Si gouvènè a prete atansyon a manti,
tout minis li yo va vin mechan.
13 Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble;
se SENYÈ a ki mete limyè nan zye tou de.
14 Si yon wa jije pòv yo ak verite,
twòn li va etabli jis pou tout tan.
15  Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;
men moun dwat yo va wè tonbe yo.
17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;
anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.
18 Kote nanpwen vizyon, pèp la san fren;
men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.
19 Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav;
paske malgre li konprann, li p ap reponn.
20 Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi?
Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
21 Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a,
nan lafen, twouve yon fis.
22 Yon nonm an kòlè pwovoke konfli
e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.
23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba;
men yon lespri enb va jwenn respè.
24 Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li;
li pran sèman an men li pa pale anyen.
25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen;
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.
26 Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;
men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.
27 Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat,
yon nonm ladwati abominab a mechan yo.
29:1 Pwov 6:15 29:2 Est 8:15 29:3 Pwov 10:1 29:4 II Kwo 9:8 29:5 Sòm 5:9 29:6 Pwov 22:5 29:7 Job 29:16 29:8 Pwov 16:14 29:10 Jen 4:5-8 29:11 Pwov 19:11 29:12 I Wa 12:14 29:13 Esd 9:8 29:14 Sòm 72:4 29:15 Pwov 13:24 29:16 Sòm 37:34-36 29:17 Pwov 10:1 29:18 I Sam 3:1 29:20 Jc 1:19 29:22 Pwov 15:18 29:23 Pwov 15:33 29:24 Lev 5:1 29:25 Sòm 91:1-16 29:26 És 49:4 29:27 Sòm 6:8