4
1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
2 Paske mwen bay ou bon konsèy;
pa abandone enstriksyon mwen.
3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m,
byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,
4 Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:
“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;
kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
5 Vin ranmase sajès!
Ranmase bon konprann!
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6 Pa abandone li e li va pwoteje ou;
renmen li e li va veye sou ou.
7 Men sa ki kòmansman sajès la:
Ranmase sajès!
Epi avèk sa ou rasanble a,
chache bon konprann.
8 Mete valè li wo e li va fè ou leve;
li va bay ou onè si ou anbrase l.
9 Li va poze sou tèt ou yon kouwòn lagras;
li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.”
10 Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo,
e lane lavi ou yo va vin byen long.
11 Mwen te dirije ou nan chemen sajès la;
mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.
12 Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen;
epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe.
13 Pran enstriksyon; pa lage menm.
Pwoteje li paske li se lavi ou.
14 Pa antre nan chemen mechan yo,
e pa avanse nan vwa malfektè yo.
15 Evite li, pa pase kote li;
vire kite li e ale byen lwen.
16 Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal;
epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo
si yo pa fè lòt glise tonbe.
17 Paske yo manje pen a malveyan yo
e bwè diven vyolans.
18 Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten
ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.
19 Chemen mechan yo tankou tenèb;
yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
20 Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo;
panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.
21 Pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe yo nan fon kè ou.
22 Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo,
ak lasante a tout kò yo.
23 Veye sou kè ou ak tout dilijans;
paske de li, sous lavi yo koule.
24 Mete lwen de ou yon bouch manti
e mete tout pawòl foub byen lwen ou.
25 Kite zye ou gade tou dwat devan
e kite vizyon ou konsantre devan nèt.
26 Veye wout pye ou konn pran
e tout chemen ou yo va byen etabli.
27 Pa vire ni adwat ni agoch;
fè pye ou vire kite mal.