7
Fis mwen an, kenbe pawòl mwen yo
e kache kòmandman mwen yo anndan ou.
Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,
ak enstriksyon mwen yo
kon de grenn zye nan tèt ou.
Mare yo sou dwèt ou;
ekri yo sou tablo a kè ou.
Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,”
e rele sajès pi bon zanmi ou,
Pou li kab anpeche ou ale
jwenn ak yon fanm adiltè;
yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.
Paske bo fenèt lakay mwen,
mwen te gade nan fant fenèt mwen an.
Konsa, mwen te wè pami moun sòt yo,
e te rekonèt pami jenn yo,
yon jennonm ki te manke bon sans;
ki t ap pase nan lari a toupre
kwen kay fanm nan.
Konsa, li pran chemen pou rive lakay li,
nan solèy kouche a, nan aswè,
nan mitan lannwit ak nan fènwa.
10 Epi gade, yon fanm vin pwoche li
abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.
11 Li parèt plen kouraj nan rebelyon li.
Pye li pa rete lakay li.
12 Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo,
lap kache tan nan tout kwen.
13 Konsa, li sezi li, bo li;
e ak figi byen ranje, li di li:
14 “Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo.
Se jodi a, mwen fin peye ve mwen yo.
15 Konsa, mwen te vin rankontre ou,
pou jwenn prezans ou;
e konsa, mwen te twouve ou.
16 Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti;
avèk bèl dra Égypte yo.
17 Mwen te flite kabann nan ak pafen
flè jasmen, lwil womaren ak kanèl.
18 Vini, annou bwè ladann
e fè lanmou jis rive nan maten.
Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.
19 Paske mari m pa lakay la;
li ale nan yon gran vwayaj.
20 Li te pran yon sak lajan avè l.
Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”
21 Ak anpil ankourajman, li atire li;
avèk lèv a flatè, li sedwi li.
22 Sibitman, li swiv li tankou
yon bèf k ap monte labatwa,
tankou moun sòt
kab mache rive nan ne koulan an.
23 Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l;
tankou yon zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen.
Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
 
24 Alò, pou sa, fis yo, koute mwen
e okipe pawòl a bouch mwen yo.
25 Pa kite kè ou vire akote nan chemen li yo!
Pa vin antre egare nan wout li yo!
26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;
e anpil se sila ki te mouri akoz li.
27  Lakay li nan wout Sejou mò yo,
k ap desann nan chanm lanmò yo.
7:1 Pwov 2:1 7:2 Det 32:10 7:3 Pwov 3:3 7:6 Pwov 6:32 7:7 Pwov 1:22 7:8 Pwov 7:27 7:10 Jen 38:14-15 7:11 I Tim 5:13 7:12 Pwov 23:28 7:13 Pwov 21:29 7:14 Lev 7:16 7:16 És 19:9 7:17 Egz 30:23 7:21 Pwov 5:3 7:23 Ekl 9:12 7:24 Pwov 5:7 7:25 Pwov 5:8 7:26 Pwov 9:18 7:27 Pwov 2:18