8
Èske sajès pa rele?
Èske bon konprann pa leve vwa li?
Anlè wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;
la li pran pozisyon li.
Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la,
nan antre pòtay yo, li kriye fò:
Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!
Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
O moun ensanse yo, vin aprann pridans!
Moun fou yo, vin konprann sajès!
Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.
Lè lèv mwen louvri, y ap devwale bagay ki kòrèk.
Paske bouch mwen va eksprime verite;
epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;
nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.
Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,
e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.
10 Pran konsèy mwen olye ajan,
e konesans olye pi chwa nan lò pi.
11 Paske, sajès pi bon ke bijou;
epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
 
12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.
Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.
13  Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.
14  Konsèy ak bon sajès se pou mwen.
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
15 Akoz mwen, wa yo vin renye;
e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;
tout moun ki fè jijman ki bon yo.
17 Mwen renmen sila ki renmen m yo.
Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
18  Richès ak lonè avèk m;
richès k ap dire ak ladwati.
19 Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi.
Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
20 Mwen mache nan ladwati,
nan mitan wout lajistis yo,
21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès;
pou m kab ranpli kès yo.
 
22 SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li;
menm avan zèv ansyen Li yo.
23 Depi nan etènite, mwen te etabli,
depi nan kòmansman, depi nan tan pi ansyen mond lan.
24 Lè potko gen pwofondè, mwen te fèt,
lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
25  Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,
mwen te fèt;
26 pandan li potko fè tè a ak chan yo,
ni premye grenn pousyè mond lan.
27 Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la,
Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
28 lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm,
lè sous nan fon yo te vin etabli,
29 lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,
lè Li te make tras fondasyon tè a;
30 Nan tan sa a, mwen te akote Li,
yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen
e te rejwi devan L tout tan,
31 Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,
e fè kè kontan nan fis a lòm yo.
 
32 “Alò, pou sa, fis yo, koute mwen;
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
33  Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
34  Beni se moun ki koute mwen an,
k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,
k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
35 Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi
e resevwa lonè devan SENYÈ a.
36 Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;
tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”
8:1 Pwov 1:20-21 8:2 Pwov 9:3-14 8:3 Job 29:7 8:5 Pwov 1:22-32 8:6 Pwov 23:16 8:7 Sòm 37:30 8:8 Det 32:5 8:9 Pwov 3:13 8:10 Pwov 3:14-15 8:11 Job 28:15-18 8:12 Pwov 1:4 8:13 Pwov 3:7 8:14 Pwov 1:25 8:15 II Kwo 1:10 8:17 Pwov 2:4-5 8:18 Pwov 3:16 8:19 Job 28:15 8:21 Pwov 24:4 8:22 Job 28:26-28 8:23 Jn 17:5 8:24 Jen 1:2 8:25 Job 15:7 8:27 Job 26:10 8:29 Job 38:6 8:31 Sòm 16:3 8:32 Pwov 5:7 8:33 Pwov 4:1 8:34 Pwov 3:13-18 8:36 Pwov 21:6