102
Koute lapriyè mwen, O SENYÈ!
Epi kite kri sekou mwen rive bò kote Ou.
Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an;
Panche zòrèy Ou bò kote m.
Nan jou ke m rele Ou a, reponn mwen vit.
Paske jou m yo te manje nèt nan lafimen,
e zo m te chofe tankou yon chemine.
Kè m fin frape tankou zèb.
Li fennen nèt.
Anverite, mwen bliye manje pen mwen.
Akoz gwo bri kri mwen yo,
zo m yo kole sou chè m.
Mwen sanble ak yon grangozye nan dezè.
Mwen tankou yon frize nan gran savann.
Mwen kouche zye tou louvri.
Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.
Lènmi m yo repwoche m tout lajounen.
Sila ki moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.
Paske mwen te manje sann kon pen e
mele bwason m ak dlo zye m,
10 akoz endiyasyon avèk kòlè Ou.
Ou te leve m wo e te jete m lwen.
11 Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long.
Mwen vin fennen tankou zèb.
12 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan
E non Ou jis a tout jenerasyon yo.
13 Ou va leve pou fè pitye sou Sion,
paske se lè pou fè li gras.
Lè apwente a fin rive l.
14 Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo.
Yo plen tristès akoz pousyè li.
15 Pou sa, nasyon yo va krent non SENYÈ a,
e tout wa latè yo va krent glwa Ou.
16 Paske se SENYÈ a ki te ranfòse Sion.
Li te parèt nan glwa Li.
17 Li te prete atansyon a lapriyè malere yo,
e pa t meprize priyè yo.
 
18 Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an.
Pou yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.
19 Li te gade anba soti nan wotè sen Li an.
Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,
20 pou tande vwa plenyen a prizonye a,
pou mete an libète sila ki te kondane a lanmò yo,
21 Pou lezòm ta kab pale sou non SENYÈ a nan Sion,
e bay lwanj Li nan Jérusalem,
22 pandan pèp yo rasanble ansanm ak
wayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.
 
23 Li fin febli fòs mwen nan chemen an.
Li rakousi nonb de jou mwen yo.
24 Mwen te di: “O Bondye mwen an,
pa rache m nan mitan jou mwen yo.
Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.
25 Depi tan ansyen yo, Ou te fonde latè,
e syèl yo se zèv lamen Ou yo.
26 Malgre yo peri, Ou menm va rete toujou.
Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman.
Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.
27 Men Ou menm, se menm jan an Ou ye.
Ane pa Ou yo p ap janm fini.
28 Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye,
e desandan pa yo va etabli devan Ou.”
102:1 Egz 2:23 102:2 Sòm 69:17 102:3 Sòm 37:20 102:4 Sòm 90:5-6 102:5 Job 19:20 102:6 És 34:11 102:7 Sòm 77:4 102:8 Trav 26:11 102:9 Sòm 42:3 102:10 Job 27:21 102:11 Job 14:2 102:12 Egz 3:15 102:13 És 60:10 102:15 I Wa 8:43 102:16 Sòm 142:2 102:17 Né 1:6 102:18 Sòm 22:31 102:19 Sòm 33:13 102:20 Sòm 146:7 102:21 Sòm 22:22 102:22 Sòm 22:27 102:23 Sòm 39:5 102:24 Sòm 39:13 102:25 Jen 1:1 102:26 És 34:4