101
Yon Sòm David
Mwen va chante de lanmou dous avèk jistis.
A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.
Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la.
Kilè Ou va vini kote mwen?
Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.
Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.
Mwen rayi zèv a sila ki chite yo.
Sa p ap tache men l sou mwen.
Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.
Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,
li menm, mwen va detwi.
Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.
Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm
ki va sèvitè mwen.
Sila ki pratike manti p ap rete lakay mwen.
Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,
Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.
101:1 Sòm 51:14 101:2 I Wa 9:4 101:3 Jos 23:6 101:4 Pwov 11:20 101:5 Sòm 10:4 101:6 Sòm 119:1 101:7 Sòm 43:1 101:8 Sòm 118:10-12