106
Louwe SENYÈ la!
O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,
paske lanmou dous Li an se pou tout tan.
Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo,
Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?
A la beni sila ki kenbe jistis yo beni.
Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!
Sonje mwen, O SENYÈ, nan favè Ou anvè pèp Ou a.
Vizite mwen avèk sali Ou,
pou m kab wè sila ke Ou te chwazi yo byen reyisi;
pou m kab rejwi nan kè kontan a nasyon Ou an,
pou m ka bay glwa de eritaj Ou.
 
Nou te peche menm jan ak papa zansèt nou yo.
Nou te fè inikite; nou te aji mal.
Papa zansèt nou yo an Égypte pa t konprann mèvèy Ou yo.
Yo pa t sonje lamou dous Ou,
men yo te fè rebèl bò lanmè a, nan Lanmè Wouj la.
Sepandan, Li te sove yo pou koz non Li,
pou L te kab fè pwisans Li rekonèt.
Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch,
Li te mennen yo pase nan fon yo,
menm jan yo te pase nan dezè a.
10 Konsa, Li te sove yo depi nan men a sila ki te rayi yo,
e te rachte yo soti nan men a lènmi an.
11  Dlo yo te kouvri advèsè yo.
Nanpwen nan yo ki te rete.
12 Nan lè sa a, yo te kwè nan pawòl Li yo.
Yo te chante lwanj Li.
 
13 Men byen vit, yo te bliye zèv Li yo.
Yo pa t tann konsèy Li,
14 men yo te vin gen gwo anvi nan savann nan,
e te pase Bondye a leprèv nan dezè a.
15 Pou sa, Li te ba yo sa yo te mande a,
men te voye yon maladi epwizan pami yo.
16 Yo te vin jalou a Moïse nan kan an,
ak Aaron, fidèl sen a SENYÈ a.
17 Akòz sa a,tè la te louvri vale Dathan,
epi te anglouti tout konpanyen Abiram yo.
18 Konsa, yon gwo dife te vin monte nan mitan konpanyen yo.
Flanm nan te manje mechan yo.
19 Yo te fè yon jèn bèf nan Horeb.
Yo te adore yon imaj fonn.
20 Yo te fè echanj glwa yo pou imaj a yon bèf ki manje zèb.
21 Yo te bliye Bondye, sovè yo a,
ki te fè gwo bagay an Égypte yo,
22  mèvèy nan peyi Cham yo, ak bagay mèvèy bò Lanmè Wouj la.
23 Akoz sa, Li te di Li ta detwi yo,
men se te Moïse ki te kanpe nan brèch la devan Li,
pou detounen kòlè Li pou l pa t detwi yo.
24 Alò, yo te meprize bèl peyi a.
Yo pa t kwè nan pawòl Li,
25 men te plenyen nan tant yo.
Yo pa t koute vwa SENYÈ a.
26 Akoz sa, Li te sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,
27 ke Li ta voye desandan yo pami nasyon yo,
e gaye yo nan peyi yo.
28 Yo te vin jwenn yo menm, anplis, ak Baal-Peor,
pou manje sakrifis ki te ofri a mò yo.
29 Konsa, yo te pwovoke Li a lakòlè ak zèv yo.
E yon epidemi te kase vin parèt nan mitan yo.
30 Epi Phinées te kanpe pou te entèsede,
epi epidemi an te vin sispann.
31 Sa a te konte a li menm kon ladwati,
pou tout jenerasyon yo jis pou tout tan.
32 Anplis, yo te pwovoke Li a lakòlè bò dlo Meriba yo,
Jiskaske sa te sòti byen mal pou Moïse sou kont yo.
33 Akoz yo te fè rebèl kont Lespri Li a,
Li te pale san reflechi avèk lèv li.
34 Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan SENYÈ a te kòmande yo a,
35 men yo te fè melanj ak nasyon yo.
Yo te aprann abitid yo.
36 Yo te sèvi zidòl yo, ki te devni yon pèlen pou yo.
37 Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo ofri kon sakrifis a dyab yo.
38 Yo te vèse san inosan, san a pwop fis ak fi yo,
ke yo te bay kon sakrifis a zidòl Canaan yo.
Peyi a te kontamine nèt ak san.
39 Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo,
e te jwe pwostitiye nan zèv yo.
40 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te limen kont pèp Li a.
Li te vin rayi eritaj Li a.
41 Konsa, Li te bay yo nan men a nasyon yo,
pou sila ki te rayi yo vin renye sou yo.
42 Lènmi yo, anplis, te oprime yo,
e yo te oblije soumèt anba pouvwa yo.
43 Anpil fwa, Li te delivre yo.
Malgre, yo menm te plen rebelyon nan konsèy yo,
e te plonje desann nan inikite yo.
44 Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te tande kri yo.
45 Li te vin sonje akò Li pou koz yo menm,
e te vin ralanti selon grandè lanmou dous Li a.
46 Anplis, Li te fè yo resevwa mizerikòd Li,
menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.
 
47  Sove nou, O SENYÈ, Bondye nou an.
Ranmase nou pami nasyon yo,
pou bay remèsiman a non sen Ou an,
avèk viktwa ki sòti nan lwanj Ou yo.
 
48  Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,
pou tout tan jis pou tout tan.
Kite tout pèp la di: “Amen.”
Louwe SENYÈ a!
106:1 I Kwo 16:34-41 106:3 Sòm 15:2 106:4 Sòm 44:3 106:5 Sòm 1:3 106:6 II Kwo 30:7 106:7 Egz 14:11-12 106:8 Egz 9:16 106:9 És 63:11-13 106:10 Egz 14:30 106:11 Egz 14:27-28 106:13 Egz 15:24 106:14 Nonb 11:4 106:15 Nonb 11:31 106:16 Nonb 16:1-3 106:17 Nonb 16:32 106:18 Nonb 16:35 106:19 Egz 32:4 106:20 Jr 2:11 106:21 Sòm 78:11 106:22 Sòm 105:27 106:23 Egz 32:11-14 106:24 Det 1:32 106:25 Nonb 14:2 106:26 Nonb 14:28-35 106:27 Lev 26:33 106:28 Nonb 25:3 106:29 Nonb 25:4 106:30 Nonb 25:7 106:31 Jen 15:6 106:32 Nonb 20:2-13 106:33 Nonb 20:3-10 106:34 Det 7:2-16 106:35 Jij 3:5-6 106:36 Det 7:16 106:37 Det 12:31 106:38 Det 18:10 106:39 Lev 18:24 106:41 Jij 4:3 106:44 Jij 3:9 106:45 Lev 26:42 106:46 I Wa 8:50 106:47 I Kwo 16:35-36 106:48 Sòm 41:13