LIV 5
107
O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.
Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!”
Sila ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,
e te ranmase soti nan peyi yo,
soti nan lès e soti nan lwès,
soti nan nò e soti nan sid.
 
Yo te mache egare nan dezè yo.
Yo pa t jwenn yon vil pou yo ta rete.
Yo te grangou ak swaf.
Nanm yo te fennen anndan yo.
Yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran twoub yo,
Konsa, Li te delivre yo sòti nan twoub yo.
Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat,
pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann.
Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,
pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
 
Paske Li te satisfè nanm swaf la, e
nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.
 
10 Te gen sila ki te viv nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò yo,
Prizonye yo nan mizè ak chenn yo,
11 akoz yo te fè rebèl kont pawòl Bondye a,
e te meprize konsèy a Pi Wo a.
12 Akoz sa, Li te imilye kè yo ak travay fòse.
Yo te chape tonbe e pa t gen moun ki pou bay yo sekou.
13 Epi nan gwo pwoblèm yo, yo te rele fò a SENYÈ a.
Li te delivre yo sòti nan gwo twoub yo.
14 Li te mennen yo sòti nan tenèb la,
nan lonbraj lanmò a, e te kase chire kòd li yo.
15  Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou
Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
 
16 Paske Li te kraze pòtay an bwonz yo,
e te koupe ba fè yo.
 
17 Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo
e akoz inikite yo, yo te aflije.
18 Nanm yo te rayi tout kalite manje
e yo te rive toupre pòtay lanmò yo.
19 Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo,
e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.
20 Li te voye pawòl Li pou te geri yo,
pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.
21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,
ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
 
22 Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo
e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.
23 Sila ki desann bò kote lanmè nan bato yo,
ki fè komès sou gwo dlo yo,
24 yo te konn wè zèv SENYÈ yo,
avèk mèvèy Li yo nan gran fon an.
25 Paske Li te pale e fè leve yon gwo van tanpèt,
ki te fè leve gwo vag lanmè yo.
26 Yo te leve jis rive nan syèl yo e te desann jis rive nan fon yo.
Nanm yo te fann avèk mizè.
27 Yo te gaye, bite tankou moun sou.
Yo te fin about nèt.
28 Yo te kriye a Bondye nan mizè yo,
e Li te mennen yo sòti nan twoub yo.
29 Li te fè tanpèt la vin kalm,
jiskaske vag lanmè yo te vin kalm.
30 Konsa, yo te kontan akoz yo te kalme,
e Li te gide yo pou rive nan pò ke yo te pito a.
31 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,
pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
 
32 Kite yo leve L wo, anplis, nan asanble a pèp la,
e beni Li nan asanble ansyen yo.
 
33 Li chanje rivyè yo vin tounen dezè,
e sous dlo yo an tè deseche.
34 Yon tè fètil vin tounen savann tè sale,
akoz mechanste a sila ki rete ladann yo.
35 Li chanje dezè a vin tounen gwo sous dlo,
e tè deseche a an sous k ap koule.
36 Epi la, li fè moun grangou yo vin rete,
pou yo vin etabli yon vil ki plen moun,
37 pou yo ka plante chan yo,
plante chan rezen yo,
e ranmase yon gwo rekòlt.
38 Anplis, Li beni yo!
Yo miltipliye anpil,
e li pa kite bèt chan pa yo bese.
39 Lè yo vin febli, koube nèt,
akoz opresyon avèk mizè ak tristès,
40 Li vide wont sou prens yo e
fè yo vin mache egare nan yon savann ki san chemen.
41 Men Li fè malere a chita wo ansekirite,
byen lwen tout afliksyon,
e fè fanmi li yo byen pwoteje kon yon twoupo.
42 Moun dwat yo wè l e yo kontan.
Men tout mechan yo fèmen bouch yo.
43 Se kilès ki saj? Kite li bay atansyon a bagay
sa yo e konsidere lanmou dous SENYÈ a.
107:1 II Kwo 5:13 107:2 És 35:9-10 107:3 Det 30:20 107:4 Nonb 14:33 107:5 Sòm 77:3 107:6 Sòm 50:15 107:8 Sòm 107:15-31 107:9 Sòm 146:7 107:10 Job 36:8 107:11 Sòm 73:24 107:12 Sòm 22:11 107:13 Sòm 107:6 107:14 Sòm 86:13 107:15 Sòm 107:8-31 107:16 És 45:1-2 107:17 És 65:6-7 107:18 Job 38:17 107:20 Job 33:28-30 107:22 Lev 7:12 107:23 És 42:10 107:25 Sòm 93:3,4 107:26 Sòm 22:14 107:29 Sòm 65:7 107:32 Sòm 34:3 107:33 I Wa 17:1-7 107:35 Sòm 105:41 107:36 Sòm 107:4-7 107:37 II Wa 19:29 107:38 Jen 12:2 107:39 II Wa 10:32 107:40 Job 12:21 107:41 I Sam 2:8 107:42 Job 22:19 107:43 Sòm 64:9