113
Louwe SENYÈ a!
Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo,
Louwe non SENYÈ a.
Beni se non SENYÈ a,
soti nan tan sa a e jis pou tout tan.
Depi solèy leve jiskaske li kouche,
non SENYÈ a dwe louwe.
SENYÈ a wo, anwo tout nasyon yo!
Glwa Li pi wo syèl yo!
Se kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
Ki sou twòn Li anwo a,
ki abese tèt Li pou gade tout bagay
ki nan syèl yo ak sou latè yo?
Li fè malere a leve sòti nan pousyè a
e leve endijan an sòti nan pil sann nan,
pou fè yo chita avèk prens yo.
Menm avèk prens a pèp Li yo.
Li fè fanm steril la vin rete nan kay
kon yon manman pitit ak kè kontan.
Louwe SENYÈ a!
113:1 Sòm 34:22 113:2 Sòm 145:21 113:3 Sòm 50:1 113:4 Sòm 8:1 113:5 Egz 15:11 113:6 Sòm 11:4 113:7 I Sam 2:6 113:8 Job 36:7 113:9 I Sam 2:5