112
Louwe SENYÈ a!
A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni!
Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
Desandan li yo va pwisan sou latè.
Jenerasyon ladwati a va beni.
Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.
Ladwati li dire pou tout tan.
Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a;
Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.
L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete;
Li va prezève koz li a nan jijman an.
Paske li p ap janm ebranle.
Moun dwat la va sonje jis pou tout tan.
Li p ap krent move nouvèl.
Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.
Kè li kanpe janm.
Li pa pè anyen, jiskaske denyè moman an lè
li gade ak kè kontan advèsè li yo.
Li te bay ak jenewozite a pòv yo.
Ladwati li dire jis pou tout tan.
Kòn li va egzalte nan lonè.
10 Mechan an va wè l e l ap vekse nèt.
Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt.
Dezi a mechan an va peri.
112:1 Sòm 128:1 112:4 Job 11:17 112:5 Sòm 37:21 112:6 Sòm 15:5 112:7 Sòm 56:4 112:8 Eb 13:9 112:9 II Kor 9:9 112:10 Sòm 35:16