122
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
Mwen te kontan lè yo te di mwen,
“Annou ale lakay SENYÈ a.”
Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!
Jérusalem, ki bati kon yon vil ki kole dyanm ansanm,
sou sila, tribi yo konn monte, menm tribi a SENYÈ yo,
yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.
Paske la, twòn yo te plase pou jijman,
twòn lakay David yo.
Priye pou lapè Jérusalem.
Sila ki renmen ou yo va pwospere.
Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan palè ou yo.
Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a,
“Ke lapè anndan ou”.
Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.
122:1 Sòm 42:4 122:3 II Sam 5:9 122:4 Egz 23:17 122:5 Det 17:8 122:6 Sòm 102:14 122:7 Sòm 48:3-13 122:8 I Sam 25:6 122:9 Né 2:10