123
Yon chan pou monte vè tanp lan.
A Ou menm, mwen leve zye mwen,
O Ou menm ki chita sou
twòn Ou nan syèl la!
Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo,
Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li,
Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.
Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras,
paske nou ranpli ak mepriz.
Nanm nou ranpli ak ensilt a sila ki alèz yo,
avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.
123:1 Sòm 2:4 123:2 Pwov 27:18 123:3 Né 4:4 123:4 Né 2:19