124
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,
kite Israël di koulye a,
Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,
lè lezòm te leve kont nou yo,
Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan,
lè kòlè yo te limen kont nou an.
Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt.
Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.
Nan lè sa a, dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.
Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo.
Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo
ki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo.
Pèlen an fin kase e nou chape.
Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te
fè syèl la ak tè a.
124:1 Sòm 94:17 124:3 Nonb 16:30 124:4 Job 22:11 124:5 Job 38:11 124:6 Sòm 27:2 124:7 Sòm 91:3 124:8 Jen 1:1