126
Yon chan pou monte vè tanp lan
Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo,
nou te tankou sila ki fè rèv yo.
Nan lè sa a, bouch nou te plen
ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.
Konsa, yo te di pami nasyon yo:
“SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”
SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.
Nou kontan.
Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ,
kon rivyè nan dezè a.
Sila ki simen ak dlo nan zye yo
Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.
Sila ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan.
Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,
akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.
126:1 Trav 12:9 126:2 I Sam 12:24 126:3 És 25:9 126:4 És 35:6 126:5 És 35:10