127
Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.
Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,
sila ki bati li yo, travay anven.
Amwenske SENYÈ a veye pòtay la,
gadyen an rete zye louvri anven.
Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,
pou manje pen a travay di yo,
paske se domi Li bay a moun li renmen.
Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
Tankou flèch nan men a yon gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
127:1 Sòm 121:4 127:2 Jen 3:17 127:3 Det 7:13 127:4 Sòm 112:2 127:5 Sòm 128:2-3