128
Yon chan pou monte vè tanp lan.
A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
Lè ou manje nan fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
Madanm ou ap tankou yon chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion;
ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!
Wi, pou ou ka wè pitit a pitit ou yo!
Ke lapè rete sou Israël!
128:1 Sòm 112:1 128:2 Sòm 109:11 128:3 Éz 19:10 128:5 Sòm 134:3 128:6 Jen 48:11