136
Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,
paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
a Sila ki te fè gran limyè yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
solèy ki pou domine lajounen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
Lalin ak zetwal pou domine lannwit,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
10 A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
11 ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
12 Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
13 a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
14 ki te fè Israël pase nan mitan li,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
15 men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
16 a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
17 a Sila ki te frape gran wa yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
18 ki te touye wa pwisan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
19  Sihon, wa Amoreyen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
20 ak Og, wa Basan an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
21 e te bay peyi yo kon eritaj,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
22 menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
23 ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
24 epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
25 ki bay manje a tout chè,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
26 Bay remèsiman a Bondye syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
136:1 I Kwo 16:34 136:2 Det 10:17 136:4 Det 6:22 136:6 Jen 1:2-9 136:7 Jen 1:14-18 136:8 Jen 1:16 136:10 Egz 12:29 136:11 Egz 12:51 136:12 Egz 6:1-6 136:13 Egz 14:21 136:15 Egz 14:27 136:16 Egz 13:18 136:17 Sòm 135:10-12 136:18 Det 29:7 136:19 Nonb 21:21-24 136:20 Nonb 21:33-35 136:21 Jos 12:1 136:22 Sòm 105:6 136:23 Sòm 9:12 136:24 Jij 6:9 136:25 Sòm 104:27 136:26 Sòm 104:27