137
Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita.
Nou te kriye, lè nou te sonje Sion.
Sou pye sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.
Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo,
e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di:
“Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”
Kijan pou nou ta chante chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?
Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite men
dwat mwen bliye kapasite li.
Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen,
Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo,
pi wo ke pi gwo plezi m yo.
Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan,
ke yo te di: “Raze l nèt!
Raze l jis rive nan fondasyon li.”
O fi a Babylone nan, Ou menm ki te devaste nou an,
A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm
rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!
A la beni sila ki sezi pitit ou yo,
e ki kraze yo nan wòch la va beni!
137:1 Né 1:4 137:2 Lev 23:40 137:3 És 49:17 137:4 II Kwo 29:27 137:5 És 65:11 137:6 Né 2:3 137:7 Sòm 74:7 137:8 És 13:1-22 137:9 II Wa 8:12