140
Pou direktè koral la; Yon Sòm David 
 
1 Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo.  
Delivre m de moun vyolan yo:   
2 k ap  fè manèv mechan nan kè yo.  
Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.   
3 Yo file lang yo tankou koulèv.  
Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. 
Tan
   
4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.  
Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.   
5 Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen.  
Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la.  
Yo fin plase yon pyèj pou mwen. 
Tan
   
6 Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.”  
Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.   
7 O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an,  
Ou te kouvri tèt mwen nan jou batay la.   
8 Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an.  
Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. 
Tan
   
9 Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo,  
pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.   
10 Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo.  
Kite yo jete nan dife,  
nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.   
11 Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè.  
Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.   
12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,  
e fè jistis pou malere a.   
13 Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou.  
Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.