139
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.
Ou konnen lè m chita ak lè m leve.
Ou konprann panse mwen yo de lwen.
Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk
kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.
Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,
Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.
Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e
Ou te poze men Ou sou mwen.
Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.
Li twò wo.
Mwen pa kab rive kote l.
Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?
Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?
Si mwen monte nan syèl la, Ou la.
Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.
Si mwen pran zèl nan maten,
si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,
10 menm la, se men Ou k ap mennen mwen,
e se men dwat Ou k ap kenbe m.
11 Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen,
e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”
12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou,
e fènwa a klere menm jan ak lajounen.
Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
15  Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.
16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
17 Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo yo pou mwen!
A la gran, yo gran anpil!
18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.
Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.
19 O ke Ou ta touye mechan yo, O Bondye.
Soti sou mwen, O moun ki vèse san.
20 Paske yo pale kont Ou ak mechanste,
e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.
21 Èske m pa rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?
Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?
22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.
Yo devni lènmi m.
23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.
Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.
24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e
mennen mwen nan chemen etènèl la.
139:1 Sòm 17:3 139:3 Job 14:16 139:4 Eb 4:13 139:5 Job 9:33 139:6 Wo 11:33 139:7 Jr 23:24 139:8 Am 9:2-4 139:10 Sòm 23:2-3 139:11 Job 22:13 139:12 I Jn 1:5 139:13 Job 10:11 139:14 Sòm 40:5 139:15 Job 10:8-10 139:16 Sòm 56:8 139:17 Sòm 40:5 139:18 Sòm 3:5 139:19 És 11:4 139:20 Jd 15 139:21 II Kwo 19:2