145
Yon chan lwanj pa David
Mwen va leve Ou wo,
O Bondye mwen, O Wa a.
Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
Chak jou, mwen va beni Ou e mwen
va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.
Grandè Li pa kab fin sonde menm.
Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.
Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
Sou bèlte e glwa a majeste Ou
avèk zèv mèvèy Ou yo,
mwen va reflechi tout tan.
Lezòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo
e mwen va pale jan Ou gran.
Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.
Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li
lonje rive sou tout zèv Li yo.
10  Tout zèv Ou yo va di Ou:
“Mèsi O SENYÈ,”
e fidèl Ou yo va beni Ou.
11 Yo va pale glwa a wayòm Ou an, e
pale sou zafè pouvwa Ou yo;
12 Pou fè rekonèt a fis a lòm yo,
zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak
majeste a wayòm Ou an.
13 Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl
e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.
Ou bay yo manje yo nan lè yo.
16 Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
17 Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,
tout sila ki rele li ak verite yo.
19 Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,
men mechan yo, Li va detwi
21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,
e tout chè va beni sen non Li an jis pou
tout tan e pou tout tan.
 
145:1 Sòm 30:1 145:3 Job 5:9 145:4 Sòm 22:30-31 145:5 Sòm 119:27 145:6 Det 10:21 145:8 Egz 34:6 145:10 Sòm 19:1 145:11 Jr 14:21 145:12 Jr 14:21 145:13 Sòm 10:16 145:14 Sòm 146:8 145:15 Sòm 104:27 145:16 Sòm 104:28 145:17 Sòm 116:5 145:18 Jn 4:24 145:19 Sòm 21:2 145:20 Sòm 9:5 145:21 Sòm 65:2