146
Beni SENYÈ a!
Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an
pandan mwen sou latè a.
Pa mete konfyans nan prens yo.
Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.
Lespri li pa rete; li retounen nan tè a.
Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,
sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
Ki te fè syèl la avèk tè a,
lanmè ak tout sa ki ladann.
Ki fidèl jis pou tout tan.
Ki egzekite jistis pou oprime yo.
Ki bay manje a moun grangou yo.
SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
SENYÈ a ouvri zye a avèg yo.
SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
SENYÈ a pwoteje etranje yo.
Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,
men Li jennen wout mechan an.
10 SENYÈ a va renye jis pou tout tan,
Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo.
Louwe SENYÈ a!
 
146:1 Sòm 103:1 146:2 Sòm 63:4 146:3 Sòm 118:9 146:4 Ekl 12:7 146:5 Sòm 71:5 146:6 Trav 14:15 146:7 Sòm 103:6 146:8 Mat 9:30 146:9 Egz 22:21