150
Louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a!
Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!
Louwe Li pou zèv pwisan Li yo!
Louwe Li selon bèlte a grandè Li!
Louwe Li ak son twonpèt la!
Louwe Li ak ap avèk gita!
Louwe Li ak tanbouren ak dans!
Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!
Louwe Li ak senbal byen fò!
Louwe Li ak senbal k ap retanti!
Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a!
150:1 Sòm 73:17 150:2 Sòm 145:12 150:3 Sòm 98:6 150:4 Sòm 149:3 150:5 II Sam 6:5 150:6 Sòm 103:22