149
Louwe SENYÈ a!
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,
avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.
Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.
Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.
Kite yo louwe non Li avèk dans!
Kite yo chante lwanj a Li
avèk tanbouren ak gita.
Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.
Li va anbeli enb yo avèk sali Li.
Kite fidèl yo leve wo nan glwa.
Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.
Ke gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo,
ak yon nepe file de bò nan men yo,
pou fè vanjans sou nasyon yo,
avèk pinisyon sou lòt pèp yo;
pou mare wa yo ak chenn,
ak moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,
pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a.
Sa se lonè de tout fidèl Li yo.
Louwe SENYÈ a!
 
149:1 Sòm 35:18 149:2 Jij 8:23 149:3 Egz 15:20 149:4 Sòm 132:16 149:6 Sòm 66:17 149:7 Éz 25:17 149:8 Na 3:10 149:9 Det 7:12